Souple tann...

Bahamas ap resevwa yon ekspozisyon womans vityèl

23 fev


Foto: Koutwazi Zffoto

Depi lontan tout konnen Bahamas kὸm premye kote nan mond lan pou moun vin marye ak pase lin de myèl. Dapre Joy Jibrilu, ki se direktris ministè touris ak avyasyon nan Bahamas, << Ak kabàn entim epi ki pa twὸ kole, dlo ble ki san parèy ak plaj ak sab woz e blan, li fasil pou konprann poukisa yo konsidere Bahamas tankou yonn nan destinasyon touristik ki pi womantik »(eturbonews.com).

Pou bay repons a anpil koup ki te oblije repὸte oubyen modifye pwojè èskapad womantik yo pandan ane pase a akoz pandemi COVID-19, Bahamas ὸganize yon ekspozisyon womantik ki rele “From The Bahamas with Love” pou planifye mariaj, lin de myèl, anivèsè oubyen vakans womantik nan lane 2021 e plis vin fasil anpil.

Rasanble tout lidè endistri a, patnè yo, otèl, kote yo, ak sèvis yo; ekspozisyon an ap pwezante anpil ὸf èskapad womantik nan tout Bahamas. Patisipan yo ki nan komès ak konsomatè yo pwal benefisye plizyè atelye ak ekspè ki nan tout sektè nan endistri womans la, ak okazyon tou pou gen kontak dirèk ak patnè yo.

Ekspozisyon “From The Bahamas with Love” pwal pwopoze de evènman vityèl:

  1. Pou pwofesyonèl yo ki nan komès- ak tout ajan vwayaj yo ak moun k ap planifye evènman yo.
  • Mèkredi 3 mas 2021 (soti 13 h rive 16 h HNE).
  1. Pou konsomatè yo- ak tout moun ki pwal fiyanse, sila yo ki sot fiyanse, sila yo ki pwal marye, moun k ap planifye rankont pou selibatè, amatè lin de myèl ak anpil lὸt ankὸ.
  • Mèkredi 10 mas 2021 (soti 16 h rive 19 h HNE).

Chak evènman ap pwopoze bon jan atelye ak seyans ki gen ti gwoup moun sou sijè ki pale de tandans aktyèl yo.

Seyans nou dwe mete:

Lamou a bὸ (3 mas)

Yon vizyon tou nèf de vwayaj womantik 3 mas)

Womans reyenvate (3 mas ak 10 mas)

Lamou se tout sa w gen bezwen (3 mas ak 10 mas)

Fè womans avèm nan Bahamas (10 mas)

Lὸt bagay pou prezante  :

Atelye «Tande epi vann plis» (3 mas)

Konferansye pwensipal (10 mas)

Kabin rezotaj vityèl

Eksperyans « yon avan gou Bahamas»

Bahamas ak lansman magazin Lὸv

Pri ak kado: konkou èspesyal media ak vwayaj (3 mas)

Pri ak kado: 16 eksperyans womantik(10 mas)

Sous:
caribjournal.com
eturbonews.com
ewnews.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.