Souple tann...

Pi Bon Zile A Nan Karayib La Pou Retrèt.

05 avr

Pi Bon Zile A Nan Karayib La Pou Retrèt. 

Rèv retrèt yo souvan fèt avèk palmye k ap balanse, dlo kristalin ak yon anbyans estival etènèl. Li pa etonan pouke Karayib la ta yon destinasyon chwazi pou retrete k ap chèche detant ak avanti. Men avèk pakèt sipèb zile sa yo chwazi a vin parèt difisil, men, kiyès nan yo k ap gouvène kòm mèt antanke refij iltim pou retrete yo ? 

Prezantasyon pi bon zile a nan Karayib la pou retrèt : Zile Sentlisi. 

An nou plonje e an nou eksplore pou ki sa jwayo patikilye sa demake l parapò lòt zile yo. 

Sentlisi : Kote Trankilite Rankontre Avèk Sansasyon Fò Yo. 

Sitiye nan Karayib oryantal, Sentlisi se yon paradi twopikal selèb gras forè liksziryan, pik vòlkanik e plaj imakile li yo. Men se ki sa ki distenge l kòm pi bon zile nan Karayib la pou retrèt ? 

Kontinye li pou w ka dekouvri l. 

Pi Bon Zile Nan Karayib Pou Yon Liks Abòdab. 

Sentlisi ofri melanj pafè yon lavi liks san w pa p fè fayit. Kèk kondo bò lanmè pou rive nan vila sou tèt yon kolin, retrete yo ka jwenn plizyè opsyon sou lojman ki adapte avèk bidjè yo. An plis, pri lavi a relativman enferyè parapò kèk lòt destinasyon nan Karayib la, sa ki pèmèt retrete yo plis elaji epay retrèt yo. 

Bote Natirèl Ak Avanti Nan Sentlisi. 

Retrèt pa vle di ralanti, e Sentlisi ofri anpil posibilite avanti. Fè yon randone atravè piton yo, ki klase nan patrimwàn mondyal UNESCO, plonje nan dlo rafrechisan kèk sous silfire oubyen anbake pou yon kwazyè pandan solèy la pral kouche bò kot yo. Avèk peyizaj divèsifye li yo, ou pa ka santi w anniye nan Sentlisi. 

Sentlisi Benefisye Yon Tan Cho Pandan Tout Ane A. 

Di "Blues Hivernal" la orevwa epi di solèy la bonjou. Sentlisi benefisye yon klima twopikal avèk kèk tanperati mwayen anviwon 80 degre Farenay (27 degre Selsiyis) pandan tout ane a. Kit se pou w prelase w sou plaj oubyen siwote yon kòktèl arebò pisin, retrete yo ap ka pwofite kèk aktivite an plennè san l pa p bezwen panike pou meteyo a. 

Kilti Rich E Kwizin Pou Retrèt La. 

Plonje nan kilti vibran an nan Sentlisi e ravise papiy ou avèk kèk espesyalite lokal. Kèk festival anime nan lari rive pla kreyòl alechan, retrete yo ap ka dekouvri veritab esans lavi Karayibeyen an. E avèk yon kominote akeyan ki trè koni gras ospitalite yo, fè nouvo zanmi se yon bagay ki senp tankou bonjou. 

Ekselan Swen Lasante Ak Enfrastrikti. 

Planifye retrèt li vle di konsidere komodite esansyèl yo, e Sentlisi kenbe pwomès li sou de fwon sa yo. Gras kèk etablisman sante modèn e kèk enfrastrikti fyab, retrete yo ka genyen yon lespri trankil, paske yo konnen bezwen yo pa p janm neglije. 

Èske Sentlisi Se Pi Bon Kote Nan Karayib La Pou Retrèt Ou ? 

Sentlisi koche nan tout kazye yo pou l se destinasyon ideyal pou retrèt. Avèk pri abòdab li, bote natirèl li ak kilti dinamik li, li pa etonan si retrete yo chwazi fè paradi sa sa nan Karayib la tounen fwaye yo pou lavi. Ebyen fè malèt ou epi prepare w pou w kòmanse pwochen chapit ou nan Sentlisi ! 

 

SOUS:www.britannica.com, www.stlucia.org, www.bbc.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.