Souple tann...

Pi Bon Zile Yo Nan Karayib La Pou Moun Ki An Koup.

25 okt

Pi Bon Zile Yo Nan Karayib La Pou Moun Ki An Koup. 

Ou anvizaje fè yon vwayaj womantik nan Karayib la avèk konjwen w ? Alò w deja nan bon bò a. Karayib la genyen pi bon zile a pou moun ki an koup. Nan atik sa nou mete valè sou twa premye yo ! Yo tout epoustouflan e yo ofri kèk souvni k ap dire pou lavi. 

Zile chaman Senba. 

Cham Karayibeyen, achitèkti Ewopeyen ak bote natirèl la nan Senba ka koupe souf ou tèlman w ap etone. Se petèt rezon sa ki pèmèt zile sa akeyi anpil jèn marye ak moun ki ankoup. Menm si Senba yon ti kras pi chè pase lòt zile yo, men moun k ap damou yo pa ka negosye l ditou. 

Gen 11 plaj k ap tann ou pami sa k pi bon yo. 

  • Ans flaman yo ideyal gras sab blan li a ak vèdi vibran an. 
  • Bè nan Senjan ideyal pou restoran li genyen bò lanmè a. Plaj Nawo se li ki pi popilè. 
  • Ans nan gran "Cul-de-sac" la trè apresye gras espò notik, si w swete plis avanti pandan vakans ou. 

Repiblik Dominikèn. 

Si w vle gen enpresyon w ap dekouvri yon veritab jwayo, tankou yon kote izole w ka pase tan avèk patnè w san deranjman. Rejyon penensil nan Samaná nan repiblik dominiken se andwa ideyal la. Samaná se yon vil k ap dòmi e ki tradisyonèl nan penensil la. Li bout nan dlo ki klè nan bè Samaná. 

Li enteresan pou w note sa tou, bè Samaná abrite anpil balèn ble ki gen bòs. Soti Janvye pou rive Mas, balèn yo nan peryòd repwodiksyon yo - womantik, non ? 

Pou ebèjman, ou dwe dirije tèt ou nan direksyon mayifik zile ki rele Cayo Levantado an. Kèk mayifik plaj lè solèy la pral kouche ak sab blan poudre, ap ka dekouvri nan konplèks senk etwal Cayo Levantado, ki louvri pòt li sezon ete 2023 sa. 

Ochos Rios" nan Jamayik. 

Al fè avanti avèk patnè w nan ochos Rios, nan Jamayik ! 

Nan ochos Rios, chit nan rivyè Dunn nan mondyalman rekonèt e anpil moun soti plizyè kote vin ladann. Se youn nan trezò nasyonal Jamayik yo. Tou pre rivyè Dunn, w ap jwenn kèk restoran klas mondyal, kèk peyizaj mayifik ak avanti pou w ranpli apre midi w. Pran yon gid touristik ap ede w tire pi bon pati nan eksperyans sa. 

Yon envite te di konsa :"Se te youn nan eksperyans ki pi egzaltan nan vi mwen ! Eskalade kaskad etonan sa yo se te pou mwen yon sansasyon endeskriptib." 

Prensipal Bagay Pou Fè. 

1- Yon ekskisyon konbine ak yon jounen nan blue hole ak dunn river falls lè w ap kite Montego bay. 

2- Twou ble nan ochos Rios ak rivyè Dunn 

3-  Kwazyè festif nan chit rivyè Dunns yo avèk plonje an apne. 

 

SOUS: travelandleisure.com, www.sandals.com, www.tripadvisor.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.