Souple tann...

Pi Bèl Kote yo nan Karayib la pou Ane 2023 nan Okazyon fèt Senvalanten.

31 jan

Pi Bèl Kote yo nan Karayib la pou Ane 2023 nan Okazyon fèt Senvalanten. 

Pa janm genyen yon move moman pou w vizite Karayib la, men depi w tande se okazyon fèt Senvalanten, pa gen oken mwayen pou w ta kite sa pase. Menm si w ta va pa ka vwayaje jou fèt a ap tonbe a, fè ekonomi pou yon vwayaj konsa kanmenm, ki se pi bèl kote yo nan Karayib la pou Senvalanten pandan ane 2023 a. 

"Los cabos"- senk sware, senk sans. 

Anpil fwa moun yo pa konsantre selebrasyon yo sou senk sans yo. Poutan, planifye kèk aktivite otou senk sans yo, ka rann eskperyans ou yo pasyonan e yo ka devni youn nan bagay ou menm ak patnè w la poko te janm eseye. Konsèp " Senk sans" la chita sou eseye chak jou yon nouvèl eksperyans ki chita sou sans sila espesifikman. 

Imajine w yon jou kote w konsantre w sou yon eksperyans ak zorèy ou, sans ki rele lwi a. Pandan w ap pase yon sware sou yon kabann bò plaj pou w ap koute vag lanmè yo k ap frape youn ak lòt sou rivaj la, pandan w ap tande ti ensèk yo k ap gazouye tou. 

Pou yon jounen gistatif, ak ògan ki rele lang la, sa k pèmèt ou ka pran gou yo, prepare papiy gistatif ou pou yon bon dine ki gen nanm ak chèf kwizin ki itilize kèk engredyan ki kiltive nan lokalite a menm, ki akonpanye ak bon diven epi ki kouwone ak yon desè ki san parèy. 

Zile gran Bahamas - nan lighthouse pointe ki twouve li gran Lucayan" 

Lighthouse pointe nan gran Lucayan ideyal pou yon eskapad nan dènye minit. Genyen yon òf ki dire tout mwa Fevriye a e se yon sejou yo ofri ki pa depase de sware. 

Rive la yon Vandredi epi pase wikenn nan ak konjwen w pandan w ap santi w amoure ak detandi. Pase yon jounen ap eksplore plaj ki merize 12 km, jwe gòlf oubyen w ka chwazi pa janm soti nan chanm ou tou. 

W ap jwenn manje chak jou pandan w ap pase sejou a epi manje yo konpoze ak yon tὸs ak chanpay. 

Awouba - Awouba Marriott resort & stellaris Casino 

Tonbe damou Senvalanten an ak yon fòfè ki gen 4 nwit ladann ki rele " Ou menm, mwen menm ak Awouba". 

Si w te toujou konn ap imajine pou w pase yon fèt Senvalanten san fot, nan yon gran chanm otèl ki gade sou lanmè nan Karayib la, pandan w ap benfisye sèvis fyab yon gran mak tankou Marriott, pa chèche pi lwen. 

Nan Marriott Awouba resort, w ap ka jwenn yon pisin ki rezève pou granmoun nan "H2Oasis", ki gen yon bèl vizibilite enprenab lè solèy la ap kouche ak yon dine pou de moun nan Atardi, kote fwi ki soti nan lanmè pa gen parèy. 

Rezève plas ou depi kounya pou w al pase vakans nan Karayib la nan okazyon fèt Senvalanten. 

Jan sa toujou ye, rezève byen bonè se pi bon pratik pou w asire w ou jwenn tip chanm ou vle a ak òf ou swete a. Ebyen, sa k anpeche w byen kòmanse ane 2023 a ? Rezève eskapad ou pou okazyon fèt Senvalanten an nan youn nan pi bèl kote yo nan Karayib la. W ap tèlman kontan deske w te chwazi fè sa. 

 

 

SOUS: islands.com, TravelPulse.com, 10best.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.