Souple tann...

Karayib la Domine Plasman Endis CBI 2021 pi Bon Pwogram Sitwayènte pa Envèstisman

21 sep

Foto : Koutwazi vingt20photos 

Karayib la Domine Plasman Endis CBI 2021 pi Bon Pwogram Sitwayènte pa Envèstisman  

Le 18 Dawou 2021, Magazin Professional Wealth Management (PWM), yon piblikasyon Financial Times, te pibliye senkyèm rapò anyèl li ki rele « A Guide to Global Citizenship : The 2021 CBI Index ». Selon endis CBI 2021, peyi Karayib, la Dominik Saint-Kitts-e-Nevis, genyen meyè pwogram sitwayen pa envèstisman (CBI)nan mond la. Rapò a repètorye pwogram CBI la Dominik ak Saint-Kitts e Nevis kòm pwogram kif è 80 pwen sou 90, ki mete yo a egalite pou premye plas la (imigrantinvest.com, prnnewswire.com). 

Endis CBI 2021 make 5 fwa yonn dèyè lòt ke la Dominik te nome meyè peyi pou genyen yon dezyèm sitwayènte. Se premye ane ke ane ke Saint-Kitts e Nevis resevwa gran onè pou pwogram CBI a. 

Selon PR Newswire, « endis CBI evalye tout pwogram sitwayènte aktif pa envèstisman yo a travè le mond pandan yo itilize nèf pilye ke yo konsidere ki pi enpòtan pou envèstisè k ap chèche pòstile nan jan de pwogram sa yo » (prnewswire.com). Pilye sa yo se : 

  • Libètepoudeplase 
  • Standalavi
  • Depansenvèstisman minimal 
  • Vwayajou rezidans obligatwa 
  • Kwonolojisitwayènte 
  • Fasilitetrètman 
  • Verifikasyonnesesè
  • Fanmiy
  • Sètitidpwodwi a  

LaDominik ak Saint-Kitts-e-Nevis te resevwa bon jan nòt pou pilye vwayaj oubyen reziidans obligatwa paske yo pa oblije kandida yo vwayaje oubyen rezide. Yo te resevwa bon pwen tou pou pilye fasilite trètman, dilijans rezonab ak fanmiy. Anplis Ladominik resevwa yon skò pafè nan pilye depans envèstisman minimòm ak sètitid pwodwi. Saint-Kitts-e-Nevis, pou dezyèm fwa yonn dèyè lòt, te sèl peyi ki resevwa meyè nòt nan kwonoloji sitwayènte (prnewswire.com). Se gras a demand akselere (AAP) peyi a ki bay sitwayènte a kandida ki retni yo nan 60 jou pou pi piti.(pnewswire.com). 

Non sèlman Karayib la ranpòte de premye plas endis CBI, men pran tou 5 premye yo nan rapò 2021, ak la Grenad, Sainte-Lucie Antigua-e-Barbuda ki vini tou dwat apre Ladominik a Saint-Kitts e-Nevis. 

Sous 

imigrantinvest.com 

prnewswire.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.