Souple tann...

Prensipal Destinasyon yo pou Vakans nan Sezon Prentan nan Karayib la.

10 fev

Prensipal Destinasyon yo pou Vakans nan Sezon Prentan nan Karayib la. 

Pwiske kounya tout moun deja fin resevwa nouvèl ane a, moun tout laj, patikilyèman sa k pi jèn yo, kòmanse ap reflechi sou ki kote yo ta renmen pase vakans yo pou sezon prentan an. Atik sa ap bay ou prensipal destinasyon vakans pou sezon vakans nan Karayib la, ebyen pa chèche pi lwen. 

Rejwenn fanmiy ou avèk zanmi w nan kèk andwa ki egzotik tankou : "Cancún, Repiblik Dominiken, Montego Bay, Grand Cayman" ak plis ankò pou yon  vakans inoublyab nan Karayib la ! 

Cancún Meksik 

Sa ka rive w te gentan devine sa k Cancún nan, paske li sinonim vakans nan sezon prentan. Plizyè milye etidyan debake nan zòn sa chak ane paske genyen kèk otèl ki gen yon pri ki rezonab, biyè pou avyon avèk kèk bwason tou ki gen yon pri ki rezona. Meksik pwopoze kèk diskotèk ki anime, ak kèk sware avèk tèm ak kèk ekskisyon akwatik ki atreyan. 

Repiblik Dominikèn.  

Menm si pri biyè avyon pou ale Repiblik Dominikèn ap ogmante akoz gran popilarite yo genyen, ou ka toujou jwenn kèk konplèks ki gen tout bagay ladann ki pwopoze yon pri ekitab. E yon fwa w rive nan estasyon w lan, ou p ap bezwen deplase paske tout bagay enkli. W ap jwenn klèb pou timoun, tobogan akwatik, kèk akad, kèk restoran avèk kèk ti boutik nan laplipa estasyon yo. 

Montigo Be ( Jamayik) - Montego Bay. 

Jamayik pataje yon lanmou pou manje otantik ak bon tan. Pase tan bò plaj pandan w ap manje poulè popilè ki rele "poulet jerk" dirèkteman sou griy akonpanye avèk diri. Nan montego Be, ou ka twouve kèk konplèks ki gen tout bagay nan yon pri ki abòdab, mize Bob Marley a nan Kingston, kèk kaskad ak selèb "Blue Hole Lagoon" nan pou eksplore gwòt. 

Gran Kayiman 

Zile Kayiman yo fè pati zile ki pi chè yo pou yon vakans nan sezon prentan nan Karayib la. Nan Gran Kayiman, w ap jwenn kèk estasyon balneyè premye klas, yon kwizin ekski ak kèk bèl boutik kote w ap ka achte kèk souvni atis nan lokalite a. Apre sa, plonje nan yon zòn ki pi trankil nan mayifik plaj "7 miles" la pou vakans nan sezon prentan. 

Planifye vakans ou nan pi bèl destinasyon vakans yo pou sezon prentan nan Karayib la.  

Karayib enpasyan pou yo akeyi w, ou menm, zanmi w yo avèk fanmiy ou pou pwochen vakans ou. E nan Karayib la, nou ka garanti kèk moman vakans nan sezon prentan ki memorab ! 

SOUS: www.tripsavy.com, www.heymondo.com, www.tripadvisor.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.