Souple tann...

Zile Kayiman ap resevwa nomad nimerik yo

24 mas


Grand Cayman Island
Photo: Courtesy of Mint_Images

Nomad nimerik yo ka travay konnya a distans nan zile Kayiman yo, sa ki se yon okazyon ekstraὸdinè paske teritwa britanik sa poko relouvri ou touris vini.

21 octὸb 2020, Zile Kayiman lanse Pwogram Mondyal Konsyèjri ak Sitwayèn li a(GCCP),  ki envite moun k ap travay lwen yo vin viv nan zile Kayiman pandan yon lane. Vizitè pwogram nan dwe vini nan twa mwa apre dat yo apwouve yo, epi yo ka vwyaje anndan tankou deyὸ zile Kayiman a kondisyon key o pase 90 jou sou teritwa a pa ane. (cnbc.com). Vwayajè yo dwe konfὸme yo a tout regleman karantèn ki an plas pandan vwayaj la.

Demand ofisyèl yo dwe soumèt sou sit entènèt GCCP. Moun k ap mande yo dwe bay yon lèt kὸm pwèv ke y ap travay pou yon antite ki pa twouve l nan zile kayiman ki gen ladan l pὸs moun nan okipe, dire travay la, salè moun nan pa ane, tout say o dwe gen papye antèt antrepwiz la (visitcaymanislands.com).

Lis sa se pi piti kὸb moun nan dwe ap touche pa ane :

  • 100 000 $ US pou demand yon sèl moun
  • 150 000 $ US pou yon moun ki mande ak konjwen li oubyen patnè sivil li.
  • 180 000 $ US pou moun ki gen timoun sou responsablite l.

 

Lὸt  manm nan fanmiy ka admisib tou pou enskri, frè ak sè , paran gran paran ak pitit pitit si yo depann nèt oubyen de yon pati de moun k ap fè demand lan (cnbc.com).

Demandè yo dwe gen paspὸ valid, bay yon referans bankè notarye, pwezante pwèv asirans maladi valid e aktiv ki kouvri covid-19, epi bay otorizasyon polis/ dosye ou dokiman simile ki baze sou peyi kote moun nan soti (visitcaymanislands.com).

Frè asosye a pwogram nan gen ladan l tou frè pa ane sètifika se 1 469 $ US pou 2 moun epi  500 $ US pou chak moun ki sou responsablite w. li ge tou frè trètman kat kredi ki se 7%.

Selon kote ou prale a pwosesis demand la pwan anviwon twa a kat semen. Lè yo fin apwouve, nomad nimerik yo lib pou pwofite de kat pi bèl bagay ke zile Kayiman repose sou li yo: plaj sab blan, dlo tikwaz, nourite eksepsyonèl ak akeyi moun (visitcaymanislands.com).

Sous:
cnbc.com
visitcaymanislands.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.