Souple tann...

Sèn Gastwonomik nan Senjan

27 des

Sèn Gastwonomik nan Senjan 

Tankou anpil zile nan Karayib la, Senjan eksprime l atravè kwizin li. Men Senjan yon ti jan pi espesyal gras lyen familyal ki devlope nan antrepriz yo. San n pa bliye yo te travèse devastasyon ki akonpanye tanpèt yo. Poutan, moun yo rive divèti yo nan youn nan eksperyans kilinè ki pi delisye ou ka viv. 

Eske tan an enteresan ? Kontinye li pou w konnen plis bagay sou sèn kilinè a nan Senjan. 

Kèk ti enfὸmasyon sou sèn kilinè a nan Senjan 

Nòmalman, restoran yo sou zile a ap travay di anpil pou yo pèmèt ou viv yon eksperyans kilinè ou pa t janm viv deja. Kounya ou ka atann ak yon sèvis ki pa rapid se vre, men w p ap regrèt sa. Nòmalman, se konsa kwizin yo ye menm. Lè pou yo prepare resèt prime yo, engredyan restoran yo soti nan jaden agrikiltè yo avèk pechè lokal yo, epi yo prepare yo sou plas. Yon konsèy, se bat pou w rive bonè, paske twouve w sou yon zile vle di yon apwovizyonman limite. Anpil restoran dwe fèmen bonè, toujou bat pou w fè rezèvasyon w bonè avan w deplase. Paske bagay yo chanje chak jou.  

Twa nan pi bon restoran yo nan sèn gastwonomik la nan Senjan 

1- "Fresh is best à la Tapa". 

Tapa se yon restoran kontanporen ki twouve l "Cruz bay" ki pwopoze kèk manje ekletik ak yon touch Espanyòl otantik pandan w ap manje akote lari a. Yo sèvi kèk pla antiyè, vyann ki byen asezone avèk tout kalite fwi lanmè frèch. Fè la "A-list" soti nan yon meni ki gen yon tounan popilè ak legim frèch ak pwason yo jwenn nan lokalite a. 

2- Manje anplennè nan "Sun dog café". 

"Sun dog café" se yon kote ki trè popilè pou manje anplennè. Menm si se yon ti kwizin yo genyen, Sun dog pèmèt ou manje depi lè w rive sou zile a. Meni yo a pwopoze w kèk salad frèch, sandwich atizanal, pidza byen delisye ak anpil lòt bagay ankò. Anplis, yo louvri pou w ka rive fè eksperyans yon "Brunch" avan w pran avyon pou w retounen. 

3- "High tide bar and seafood grill" 

High tide, sitiye nan yon plaj ki twouve l "Cruz bay", se yon andwa familyal. Ou ka kòmanse distrè w avèk youn nan amizgèl pwason epi pase nan yon pòsyon nouriti ki pi kopye, tankou yon kiben fasi. Epi, apre dine a, savoure yon moso frèchman prepare avèk gato fwomaj ak mang avèk fwi pasyon. 

Fè valiz ou pou w dekouvri sèn kilinè a nan Senjan nan premye men. 

SOUS: newsofstjohn.com, thehillsstjohn.com, tripadvisor.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.