Souple tann...

Premye Jwèt yo Nan Karayib la sou Zile Gwadloup : Yon Siksè

02 out

 

Premye Jwèt yo Nan Karayib la sou Zile Gwadloup : Yon Siksè 

N ap felisite tout atlèt ak esponsò yo pou premye jwèt anyèl yo nan Karayib la pou ane 2022 a. Nou te genyen plis pase 800 atlèt ki soti nan 22 peyi nan Karayib la, te gen dansè tou, mizisyen ak anpil lòt bagay ankò, se te yon siksè e menm plis pase sa. Apre tout tan poz H1N1 ak kovid 19 la te koze nan mond la, jwèt yo te rive dewoule nan Karayib la ak tout vitès ak sikonstans yo te merite. Brian Lewis ki se prezidan asosiyasyon Karayib nan komite nasyonal jwèt olenmpik yo (CANOC), te fè deklarasyon sila a ak anpil fyète: "Kont tout sa n t ap atann yo, nou rive kreye listwa". 

Men kèk eleman tou kout sou evennman espòtif atletik ki fenk inogire a. 

  • Senbòl ofisyèl jwèt yo nan Karayib la se konk ak maskòt ki se Noca yon raton lavè. 
  • Jwèt yo ap genyen pou yo dewoule soti 29 Jen pou rive 3 Jiyè chak ane, y ap kowenside ak abolisyon esklavaj la nan peyi Gwadloup sa gen kèk ane. 
  • Match ap genyen pou yo difize sou Panam sport channel. 
  • Atlèt yo ap genyen pou yo patisipe chak ane nan kèk konpetisyon espòtif tankou Baskètbòl, siklis, nètbòl, jido, natasyon ak foutsal. 
  • Peyi k ap fè fas a fas yo k ap genyen 30 nasyon ak teritwa Karayib la, tankou Jamayik, Giyàn, Sirinam ak Gwadloup. 

Pou plis enfòmasyon sou esponsò yo ak patnè yo sou jwèt yo nan Karayib la sou zile Gwadloup pou ane 2022 a, klike isit la sou sit ofisyèl la. 

Gwadloup, ak patnè yo ak asosiyasyon Karayibeyen komite nasyonal jwèt olenmpik yo, kontan ofri bèl opòtinite sa nan sousi pou mete limyè sou atletis epi selebre inite nan nouvo evennman anyèl sila. 

SOUS: Caribbean.loopnews.com, insidethegames.biz


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.