Souple tann...

Premye Sosyete Jwèt nan Karayib la

24 okt

Premye Sosyete Jwèt nan Karayib la 

Dezòmè LaBarbad posede premye sosyete jwèt nan Karayib la, e anplwaye yo paka pi kontan ke sa. Sosyete a rele Playtropic, yon founisè sèvis pou tèste jwèt videyo pou moun k ap kreye jwèt yo nan lemond. Teknisyen sa yo teste jwèt yo anvan yo soti pou lokalize defo ak bòg, epi korije yo pou asire ke yo pare pou piblik la itilize. 

A pwopo Playtropic 

Paske l vle reyalize rèv anpil moun nan Karayib la, Playtropics ofri opòtinite a sila yo ki enterese nan devlòpman jwèt ak yon karyè nan domèn nan. Ekspè sosyete sa ki twouve l nan Barbad ofwi jwè yo yon eksperyans de kalite ak yon valè eksepsyonèl, yon konpatiblite nan jwèt la ak yon konfòmite po kreyatè yo ak divès sistèm nan mond lan. 

"Playtropic vize pou vin meyè founisè sèvis tès jwèt videyo nan lemond, premye anplwayè nan Labarbad ki louvri pòt yon endistri ki vo 200 milya dola lakay Barbadyen yo ki enterese nan divèstisman entèaktif kip a janm genyen. 

Enpak jwet yo nan Karayib la. 

Enpak Karyè jwèt kapab genyen nan Karayib la  

Plis anplwa kreye pou abitan LaBarbad nan karayib la se yon bon bagay. Ale pi lwen epi konsidere enpak sou moun yo k ap mande travay. Moun yo sou zile a pral genyen chans travay nan yon karyè ke yo renmen. Anplaye sila pral pibyen ekipe pou transmèt konesans ak pasyon pou fanmiy li, sa k ap genyen yon enpak sou jenerasyon ak kominote fiti yo. Ogmantasyon fyète ke yo genyen pou tèt yo ak pou devlὸpman se sa menm ki ka chanje bagay yo epi amelyore kalite lavi. 

Yon lὸt avantaj devlὸpman sa se enpak sou kominote jwè yo ak moun nwa yo. Dapre The Guardian, "Malgre inisyativ pou korije bagay yo, pa t vrèman genyen opὸtinite pou fanm ak moun nwa nan endistri jwèt la. Sa dwe chanje si n vle genyen yon lavni sen." 

Jiska prezan, afwo-ameriken yo pa t reprezante nan jwèt videyo. Sa ta ka chanje gras a plis jèn nwa nan endistri jwèt videyo a. 

Anplis, jiskake Playtropic rive, moun ki te vle fè karyè nan kreyasyon, pwogramasyon, kὸd ak Atizay grafik jwèt videyo te dwe ale Wayὸm-Ini oubyen Etazini pou jwenn travay. Ak antrepriz sa, sila yo ki kalifye ka jwenn yon travay kote yo peye l nan domèn ke l renmen epi rete sou zile yo. Se yon bon desizyon pou fanmiy yp ak ekonomi LaBarbad ak Karayib la. 

Yon karyè ak Playtropics 

Menm si yon moun pa gen eksperyans nan tèste jwèt, yo ankouraje l pὸstile. Gade byen, ekspè antrepriz la ap fὸme tout moun briyan e byen wode pou yon karyè anrichisan nan jwèt videyo. Pou fasilite kandidati yo, kandida yo sèlman bezwen kèk kalite. Fὸk ou se yon pasyone pou jwèt, gen yon diplὸm  etid segondè oubyen ekivalan, li dwe ekri ak pale angle, li dwe minisye, dispoze travay an ekip, viv LaBarbad oubyen genyen yon viza travay apwopriye. 

Sa se dènye avantaj sa ki rann enpak endistri sa pi enpὸtan sou kominote a nan tout konpatiman l. Y ap fè anpil efὸ pou fasilite bagay yo- e se yon bon bagay pou abitan zile yo ak LaBarbad. 

 

SOUS: Barbados.loopnews.com, playtropic.com, theguardian.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.