Souple tann...

Premye koleksyon RePLAST, yon siksè!

06 avr

Fotokoutwazi envatoelements  

Premye koleksyon RePLASTyon siksè 

Pou antre an sèvis li 60 rezidan gwo Islè ak zὸn avwazinant yo livre 974 liv dechè plastik PET (polyéthylène téréphtalate ak HDPE (polyéthylène haute densité) samdi ki te 16 janvye 2021, nan premye nan twa pwen RePLAST (RCP) genyen pou kolekte dechè (salle de presse.oesc.org). Otorite k ap jere dechè solid nan Sent Lisi ap preside komite direktè pwojè RePLAST-OECS. Direktè jeneral adjwen Otorite a, Laurianus Lesfloris, dekri repons piblik la pou premye jou a tankou yon bagay enpwesyonandapre li, se yon bon bagay pou sispann voye dechè plastik yo nan sit dechaj la(pressroomoesc.org). " Mwen trè kontan pou m la maten an, jiskonnya pwosesis la ap byen dewoule. Si w ka anpeche dechè yo retwouve yo nan anviwὸnmanplastik yo an patikilye. Se pa sèlman yon avantaj ekonomik men tou se yon avantaj anviwὸnmantal »(pressroomoesc.org). 

Lanse nan mwa me 2019,  pwojè pilὸt resiklaj plastik RePLAST ‒ OECS se yon inisyativ piblik prive pou de (2) lane. UNITE Caribbean responsab pou mete l an èv e pwojè a vize pou mete an plas yon pwogram pou ensite kolekte ak resikle dechè plastikSwivan yon modèl ekonomi sikilè, tout plastik ki kolekte yo ekspὸte nan yon izin resiklaj nan Karayib la. Sent Lisipremye peyi pilὸt, ap degaje l ase byen ak pwogram resiklaj plastik la. Nan pa lontan lὸt peyi OECO pra l antre tou. 

Kolèk reyisi plastik yo ap ogmante dire de vi sit dechaj la. Pou sove anviwὸnman epi ekonomize espas nan dechaj la, pwojè RePLAST ‒ OECS fasilite yon ekspedisyon eksperimantal nan kolaborasyon ak resiklè lokal yo. Agenyen de (2) kontenè 40 pyeboutèy an PET an bal anviwon 26 000 liv (lb). 

Dechè plastik ki ekspὸte yo pra l elimine nèt, men konnya yo gaye nan chèn resiklaj la pou yo ka reitilize.   

Sous: pressroomoesc.orgthecaribbeannewsnow.com 

 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.