Souple tann...

Destinasyon Vwayaj Ki Pi Souzestime Nan Karayib La Pou Ane 2023.

15 out

Destinasyon Vwayaj Ki Pi Souzestime Nan Karayib La Pou Ane 2023. 

Selon yon etid resan, yo revele yon chif enkwayab 32 milyon moun chwazi eksplore zòn fasinan nan Karayib la chak ane. Men, ou pa bezwen dekouraje pou chif sa, paske sa pa vle di w pral sibmèje akoz anpil touris. Jodi a, nou vin pwopoze w yon konpilasyon sou kèk sekrè ki byen gade sou Karayib la. Destinasyon vwayaj ki pi souzestime nan Karayib la pou ane 2023 a. 

Devwalman Zile Ki Pi Souzestime Dwe Vizite Yo. 

Senba. 

Senba ap briye tankou youn nan pi piti bèl zile nan Karayib la, li etann sèlman sou uit mil kare. Sepandan, pa kite ti sipèfisi li a disyade w, paske nan paradi anchantè sa gen anpil eksperyans kaptivan ki kache k ap tann ou lè w vini. 

Vini isi a pral ba w yon lide sou sa lavi a ye nan Karayib la, kèk eksperyans kilinè ke w pa p janm bliye, kèk avanti plonje nan sit istorik. Prepare w pou yon vwayaj ki depase imajinasyon w, kote Senba ap revele w vrè cham li ak kaptive kè w. 

Senvensan ak Grenadin. 

Senvensan ak Grenadin genyen 32 zile, kote nèf nan yo abite. Plonje nan bote paradi twopikal sila avèk kèk aktivite tankou admirasyon kèk kaskad nan Dark View, kayak ak bèl peyizaj sou forè twopikal liksziryan. 

Dominik. 

Èske w te déjà tande pale de Dominik sou non "the nature island" ? Li dispoze yon pak natirèl enpresyonan ki prezève bote li. Dominik sitiye ant kèk zile fransè Gwadloup ak Matinik, ki fè l yon destinasyon de chwa. Ou pa ta renmen manke chit Trafalgar yo ki ka koupe souf tèlman w ap sezi ak pisin fasinan emwod la pandan lòt bò a. 

Angila. 

Angila pwopoze kèk aktivite fasinan pou moun ki damou yo, amatè avanti yo, divètisman ant fanmiy ak amatè istwa ak kilti. Si w ale nan vwayaj avèk patnè w, dekouvri jounen w avèk yon ti dejne sou kabann, yon masaj pou nou de a nan yon espa ak yon ti syès, suivi ak yon balad sou cheval bò Plaj. Tèmine jounen w avèk yon dine alechan pandan w ap kontanple oseyan an. 

Senkits ak Nevis. 

Avèk yon sikwi ki pa tankou lòt yo, vwayajè yo pa ta dwe  manke sikwi fewovyè panoramik Senkits yo, ki pa gen parèy pou yon sikui nan Karayib la. 

Si w ap chèche kèk plaj pitorès nan Karayib la, Pinney's Beach ta dwe figire nan lis la. Dlo tikwaz kristalin yo ak atmosfè pezib la ap fè yon vizit enkontounab. Pou plis opsyon, Oualie Beach ak Lover's Beach nan pwent Nòdwès Nevis, mayifik tou ak pafè pou yon benyad rafrechisan. 

Monsera. 

Si w ap deside sou yon kote pou w pase lindemyèl ou, pa chèche pi lwen. Peyizaj sa yo bèl anpil depi sou montay la, byen lwen tout moun, se yon bote inegale ki pral kontribye pou kreye yon vwayaj memorab. San n pa bliye li pa twò pwobab pou w ta rankontre touris nan zòn sa, paske li resevwa sèlman kèlke milye vizite chak ane. 

Ki Destinasyon Souzestime Ou Pral Chwazi ? 

Karayib la devwale yon tapisri trezò kache ak jwayo ki poko dekouvri k ap tann vwayajè pou ane 2023 a. Destinasyon vwayaj souzestime sa yo ofri yon melanj inik nan bote natirèl, nan istwa rich ak eksperyans otantik. Dekouvri opòtinite pou w eksplore kote ki pa twò konnen yo nan Karayib la epi dekouvri sekrè ki fè rejyon sa yo yon veritab paradi pou tout vwayajè yo 

SOUS: www.viator.com, www.travellifestyle.com, www.tripadvisors.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.