Souple tann...

Nouvo Prezidan Trinidad ak Tobago a.

14 fev

Nouvo Prezidan Trinidad ak Tobago a. 

Vandredi ki te 20 Janvye 2023 a, pou yon dezyèm fwa nan listwa, yon fanm te rive eli kòm prezidan Trinidad ak Tobago, madam Christine Carla Kangalo, ansyen fanm ki te prezidan an se te Paula Mae Weekes nan ane 2018.  

Pwosesis nominasyon an. 

Kangaloo te demisyone nan pòs li kòm prezidan Sena a nan mitan mwa Janvye a, apre sa gouvènman an te rive nome li prezidan. Kolèj elektoral la te pran plis de èdtan edmi pou vote pou pèmèt Kangaloo devni prezidan, kote li ranpòte eleksyon sa 48 vòt kont 21, nan dezavantaj veteran senyò Counsel Israel Kha. 

Ki moun Christine Kangaloo ye? 

Christine Carla Kangaloo te kòmanse pakou jiridik li nan ane 1985, li t ap travay pou yon ekip jiridik ki rele Hobsons. Pandan ane yo ap pase, li te kontinye ap gravi echlon nan domèn jiridik la. Epi, nan ane 2001, li te vin nome kòm senatè pou pati opozisyon an. Madam Kungaloo se yon ansyen elèv Inivèsite antiy yo ak "Hugh wooding Law School". 

Defini reyalizasyon li yo. 

Yon long lis nan reyalizasyon detèminan yo ka ekri sou karyè enpresyonan Kungalo. De egzanp nan reyalizasyon li yo site isi a. 

  1. Kangaloo se sèl moun ki te visprezidan ak prezidan Sena a. 
  2. Pwogram sou sètifika nesans gratis ministè a te gen chans resevwa pri premye minis la pou inovasyon nan ane 2005. 
  3. Li te sipèvize egalman sèvis ki rele "Mail-in Mail-out", "Here to help". Se te yon kanpay ki vize ede rejyon elwanye yo ofri sèvis yo genyen, telechaje rejis kèk sosyete anliy ak reòganize sistèm pèman rejis fonsye a. Pwogram sa te ranpòte pri premye ministè nan ane 2006 pou ekselan sèvis li te bay. 

Nan lis sa, kounya li gen chans pou l ajoute ladann "setyèm chèf leta ak chèf kòmandan Trinidad ak Tobago. Nominasyon premye minis, Dr Keith Rowley te rive pwononse nan sousi pou l eksprime konfyans li nan desizyon sa, selon deklarasyon sa w pral li a. 

"Se yon santiman gran fyète antanke depite Diego Martin West ak tout lòt manb ki te siyen oubyen avalize nominasyon kòm premye minis Repiblik sila, m ap prezante madam Christine Carla Kangaloo kòm kandida ki pi diy nan egzamen kolèj elektoral sa, te estime kòm moun ki dwe eli nan pòs prezidan pou Repiblik Trinidad ak Tobago." 

Karayib la gen konfyans, madam Kangaloo Christine Carla ap fè yon bon prezidan pou Trinidad ak Tobago. 

 

SOUS: www.caribbean.loopnews.com, www.caribbeannationalweekly.com, www.ttparliment.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.