Souple tann...

Sab Woz Bermuda Yo

22 jen

Sab Woz Bermuda Yo 

Zile Bermuda yo twouve yo nan 700 mileyaj konsa toupre kot Kawolin Dinò nan Oseyan Atlantik Nò. Sab Bermuda gen yon koulè woz pal epi dlo lanmè a tèlman klè ou ta di se kristal. Lè w ap admire yo , yo baw anvi pwoche pi pre pou dekouvri  bèl kalite pwason ka p pawaze arebò lanmè a. Tanperati laba toujou cho sa kifè, nan tout mwa ane a ou ka al pase Vakans laba.  

Menmjan dlo a atiran an konsa moun zile a ye tou. Zantray yo se yon melanj kilti angle, endyen amerik ak lafrik, moun zile a gen bonjan e sansousi. Ou ka wè y ap jwe krikèt, yo kondi a goch, epitou larèn Angletè gen enfliyans sou lajan yo sèvi. Moun sa yo byen elve, yo gen yon abiman fòmèl ki se manto ak kòl. 

Hamilton se kapital Bermuda, se yon kote ki chaje anbyans. Batiman pentire ak koulè cho ak fèt nan mitan lari zòn Front Street se mak fabrik Bermuda. Touris yo renmen boutik atizan peyi a, bon ti manje byen gou, mizik kalipso ak bèl plezi. Defile moun ki danse Gombey yo se kote pou w ta wè jan moun yo renmen lavi ak kilti yo.  

Ou kapab vizite plaj sab woz yo, twou wòch klere tankou kristal, plonje ak aparèy nan resif anba lanmè, chantye lame Royal Navy, akwaryòm Bermuda, mize da, fa, elatriye. Nan lapremidi, moun zile a bwè te. Apre yon jounen antye , vizitè ak moun zile yo manje yon bon bòl chodre pwason,  se manje peyi a li fèt ak bouyon pwason, legim,  grès kochon epi epis. Mete piman ak wònm pou  manje a gen yon gou orijinal. Epitou si w renmen wònm, ou gen chans, eseye yon Bermuda Rum Swizzle oubyen yon Dark n' Stormy mennen  avè w lè  w soti aswè. 

Pou w ka vwayaje nan Bermuda, C D C mande pou moun vaksinen alavans,  pou w pote yon mas nan vizaj epi pou respèkte distans sosyal oubyen lave oubyen dezenfekte men nou souvan. Pou mande otorizasyon pou vwayaje,  swiv lyen entènet sa: https://www.gov.bm/coronavirus-travellers-visitors 

Kredi : thegetaway.com, wikipedia.com, travelpulse.com, gov.bm 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.