Souple tann...

Royal Caribbean lanse kwazyè mondyal ‘’Ultimate’’

26 nov

Foto: Koutwazi biletskiy  

Royal Caribbean lanse kwazyè mondyal ‘’Ultimate’’  

Alòske endistri kwazyè mondyal yo ap kontinye rebondi apre restriksyon pandemi COVID-19 la, kwazyè mondyal yo ap vann tankou pate cho (businessinsider.com). Akoz fèmti ki te genyen pou COVID-19, genyen anpil moun ki anvi vwayaje. Y ap mobilize pou ede kwazyeris ki anvi vwayaje yo ratrape « tan yo te pèdi» (cnn.com), Royal Caribbean anonse nouvèl kwazyè otou di mond li k ap dire 9 mwa ki rele « The Ultimate World Cruise » (cnn.com). Ak slogan " Nan tout kat kwen yo, yon vwayaj epik" (royalcaribbean.com), avanti mondyal Royal Caribbean genyen plis pase 150 destinasyon ak 11 mèvèy di mond sou 7 kontinan ak plis pase 60 peyi (royalcaribbean.com). 

Selon Royal Caribbean, vwayaj epik 274 nwit sa se "kwazyè mondyal ki pi long e pi konplè" (independent.co.uk). Sepandan, dire a fleksib. Vwayajè yo ka chwazi angaje yo pou tout vwayaj la oubyen enskri pou yon pati sèlman paske genyen 4 sègman ladan l. 

Premye sègman an rele "Round the Horn: Americas & Antarctica Expedition", l ap anbake Miami, nan Florid le 11 desanm 2023. Kòmanse pa yon vizit nan kot pitorès Karayib la, vwayaj la genyen 64 nwit ak 36 destinasyon. Kliyan yo ap apresye skilti ak senbòl anblematik a travè peyi ansanm ak pi gran sistèm kaskad nan planèt la, chit Iguazú nan Buenos Aires, ak krik kache ak fòmasyon wòch spektakilè nan Land’s End à Cabo San Lucas. 

Dezyèm sègman rele « Wonders of Asia & the Pacific Expedition », soti 11 fevriye rive 9 me 2024 li genyen 87 nwit ak 40 destinasyon. Genyen sit ekstraòdinè an Ostrali ak an Azi, ansanm ak mayifik  Hawaï ak dlo kristalin nan Moorea ak Tahiti. 

Twazyèm sègman rele "Middle East Treasures & Marvels of the Med Expedition", soti 9 me pou rive 10 jiyè 2024 genyen 63 nwit ak 44 destinasyon. Pasaje yo ap pwofite de glamou Dubaï dekouvri mèvèy mond lan tankou piramid Gizeh yo an Ejip e y ap wè anpil ruin renome a travè Mediterane ak lanmè Égée. 

Katriyèm sègman « Expédition Capitales de la Culture », ap navige pandan 63 nwit e kouvri 40 destinasyon. L ap retounen Miami le 10 septanm 2024. Pasaje yo ap dekouvri achitekti briyan nan Baselòn, savoure savè tout kontinan yo, eksplore Saint-Pétersbourg, travèse Copenhague a velo, dekouvri dlo lanmè geotèmik Blue Lagoon nan Islande e pral fè yon dènye kanpe nan New York. Avan pou yo retounen Miami. 

Sous: 

businessinsider.com 

cnn.com 

independent.co.uk 

royalcaribbean.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.