Souple tann...

Etazini bay vaksen a zile yo nan Karayib la

06 jiy

Etazini bay vaksen a zile yo nan Karayib la 

Nan efò li pou fini ak pandemi mondyal la, la Mezon Blanch pran angajman pou ede peyi nan Karayib la via COVAX. Yo pral bay anviwon 6 milyon dòz a Karayib la nan fen mwa jen. 

COVAX se efò mondyal ki vle rann vaksen COVID-19 la disponib nan lemond antye pou peyi ki nan bezwen. Nan koperasyon ak GAVI, Vaccine Alliance, Coalition for Epidemic Preparedness Innovations ak OMS, COVAX pral platfòm ke Etazini ak lòt peyi ap soutni pou distribye nan lemond antye san yo pa teni kont de kriz finansyè. 

Gouvènman ameriken an espere atenn objektif sila yo. 

  1. Ogmantekouvèti mondyal la ak yon apwovizyònman epi yon aksè amelyore a vaksen yo. 
  2. Baypriyoritea moun k ap travay nan domèn sante epi sila yo ki a risk. 
  3. Genbon jan preparasyon si ta gen anpil moun pandan n ap itilize pi bon pratik ak done sante yo. 
  4. Edelòtpeyi yo nan lit pou limite pwopagasyon COVID-19 la. 

Vaksen sa yo dwe pataje ak zile k ap patisipe nan bloke pwopagasyon an, sila yo ki pare pou vaksinen ak sila yo ki gen bezwen.  

Jiska prezan Etazini anonse ke y ap bay a zile Karayib sa yo : Brezil, Ajantin, Kosta rika, Ekwatè, Paragwe, Bolivi, Gwatemala, Salvadò, Panama, Ayiti, ak lòt peyi CARICOM ansanm ak Repiblik Dominikèn. Efò gouvènman ameriken sa ap sèvi egzanp ak ankourajman pou lòt peyi yo ka kontinye enplike yo pou ede bare viris yon fwa pou tout. 

Anplis, lespwa a se pou toujou pi byen prepare kont tout lòt viris ak kriz mondyal pandan n ap etabli yon atitid kote tout moun angaje yo pou sante mondyal la. 

Lè tout nasyon yo reyini pou bloke pwopagasyon COVID-19 nan zòn ki pa gen aksen a lajan pou vaksinen moun yo, n ap gen yon chans pou soti nan pandemi sa. Epi zile nan Karayib la rekonesan pou èd la. 

 

Sous: GAVI.org, whitehouse.gov, thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.