Souple tann...

Pou w Reyisi Yon Moman Vakans ak Fanmiy ou

24 me

 

Pou w Reyisi Yon Moman Vakans ak Fanmiy ou 

Anpil fwa, chwazi pi bon kote pou w al vizite se pati sa ki pi difisil, lè w ap planifye vakans pou fanmiy ou nan Karayib la. Donk, depi w fin deside sou kote w ta renmen al vizite a, ou deja preske pare pou vwayaj la. Men, avan w fè sa, pran san w li konsèy sa yo pou yon vwayaj ak fanmiy ou nan youn nan pi bèl kote nan Karayib la. 

Prepare w pou yon vwayaj ki pral long : prepare pitit ou pou yon vwayaj ki long. Ou ka fè sa pandan w ap respekte plan an etap apre etap. Konnen y ap deja konnen sa k ap tann yo. Anplis, ou ka ajoute anpil papye pou yo fè desen epi pou kolorye, ak ti jwèt ki fasil pou pote nan men, anpil brevaj oubyen aparèy teknolojik yo pi renmen an. 

Byen planifye tout aktivite ou yo. 

Lè w ap planifye yon vizit konsa, chwazi aktivite w panse fanmiy ou ap pi renmen, pa bliye ou gen timoun piti k ap avè w nan vwayaj la, sa ka fè yon gwo diferans lè w pa neglije pwen sila nan sa w deside fè yo. Pa bliye se timoun yo ye, si yo pa jwenn aktivite ki enterese yo y ap fatige pi fasil e detanzantan y ap mande w pou yo obsève yon poz pandan tout jounen an. 

Panse mennen avèk ou yon moun k ap la espesyalman pou pran swen timoun yo. 

Anpil paran renmen neglije etap enpòtan sa, yo konn panse li pa vrèman nesesè pou yo ajoute yon lòt moun nan gwoup la. Poutan, apre yo fin pase youn oubyen de jou ap pwomennen nan Karayib la, yo vin reyalize li t ap yon bon ide si yo te gen yon moun avèk yo pou jere timoun yo. Paske apre tout bagay, ou menm ak madanm ou merite pase yon ti ansanm san timoun yo pa bezwen la, pou nou ka byen jwi sa zile a ka ofri nou. 

Nou dwe fleksib. 

Mennen timoun avèk ou al pase vakans nan Karayib la ka vin yon bagay ki fatigan. Akoz anpil eksitasyon ak aktivite ki genyen yo, timoun yo ka refize poze e pran repo menm lè yo bezwen sa. Ebyen, pa bliye rete ouvè epi gen pasyans. 

Pou nou fini, l ap toujou pi bon lè w prevwa olye pou w al chèche gerizon. Li mande pou w pridan e planifye tout afè w byen bonè lè w ap vwayaje ak timoun ak granmoun ki gen anpil laj yo. W ap kontan paske w te dakò aplike konsèy sa yo. Apre sa, se pran plezi w san kè sote !

 

SOUS: Travel.usnews.com, Familydestinationsguide.com, Suncountryview.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.