Souple tann...

Nouvèl Karayibeyen: Tòp 5 Eksperyans pou Premye Vwayaj ou nan Grenad

04 jiy

Nouvèl Karayibeyen: Tòp 5 Eksperyans pou Premye Vwayaj ou nan Grenad   

Si w pa janm fè yon vwayaj nan bèl tri-zile Grenad, ou dwe konnen li gen anpil bèl bagay pou l ofri. Siw renmen gastwonomi, nati, istwa e renmen amize w, ou pral renmen premye vwayaj ou nan Grenad e ou p ap ka tann pou retounen laba a.  Vin pwofite vi zile an e 5 meyè eksperyans pou premye vwayaj ou nan Grenad.   

Tòp 5 eksperyans nan Grenad 

An fèt, genyen plis pase 5 avanti enkwayab pou viv nan twa zile yo. Se pou sa konnen 5 meyè andwa pou wè esansyèl pou planifye vwayaj ou, an patikilye patikilye premye vwayaj ou nan Grenad.  

Rechèch la pwouve andwa nou pral wè piba yo se andwa ki pi popilè pou wè e pou dekouvri. A pati de sa, ou pral gen yon bon depa pou planifye rès vakans ou yo. Donk vwayaje laba a nan espri nou- se pati ! 

1| Vil Senjòj 

Yon vil ou dwe wè, vil Senjòj te dekri kòm lè w ap pwonmennen yon kote ki sanble a yon penti lwil. Liy mezon yo pentire ak koulè viv se yo ki pi selèb. Senjòj se kapital vil lan e fyè pou yo genyen tit ofisye nan pi bon pò nan Karayib lan. 

2| Plaj Grandans  

Konnen sou non "granpè" 45 plaj isit lan, Grandans se yon ekstansyon de 2 miles distans a sab blan imakile. Plaj lan se yonn nan pi prefere yo, avèk bèl otèl e rèstoran. Sèl enkonvenyan, se vandè lokal yo. Byenke nou ta renmen soutni atis nou yo e antreprenè lokal yo, yo ka toujou agresif avèk agiman pou yo ka vann yo. Di sèlman non, "mèsi". Si w pa enterese pa pwodui yo, y ap pase a lòt bagay.  

3| Pak Nasyonal Grand Etang 

Ki sa ki gen pou fè lè ou fatige nan kouche sou plaj la (paske sa rive)? Detire janm ou nan pak nasyonal la epi admire bote e mèvèy nati an. Nan vwayaj ou an, ou pral dekouvri bèt sovaj ekzotik tankou makak mona, tatou ak zwazo mokè twopikal. Yon touris deklare : « Nou wè anpil bèl plaj nan Karayib la ak Pasifik Sid lan, men desann nan forè plivye ki te ranpli avèk bon sant epis frèch te absoliman enkwayab. »  

4| Rivyè Antonie Rhum Distillery 

Lè w pare pou w fè eksperyans plis nan sa zile a gen pou l ofri, ale nan distilari Rivyè Antonie. Yo te fè boutèy wonm depi 1785. "Yo fè wonm yo tèlman fò ke yo pa ka ale ak li lakay yo nan avyon," kòmantè yon vizitè.  

5| Plonje nan Grenada 

Avèk plis pase 30 sit plonje, vizitè yo ka wè resif koray, lavi lanmè kolore, ak yon sit nofraj ki popilè. Bianca se te yon revètman kwazyè ki te plonje an 1961 e li te genyen non "Titanic nan Karayib la". Plonjè yo te kontan e rekòmande vizite pak la eskilti anba dlo, kote plonjè ki gen eksperyans ka vizite "Zanno Timoun Yo".  

Planifye premye vwayaj ou nan bèl Zile yo  

Lè w ap planifye premye vwayaj ou nan Grenad, nou swete ou pral vizite kèk nan sit rekòmande pandan w ap dekouvri sa twa zile sa yo gen pou ofri. Asire w answit fè lòt moun konnen sa w te renmen nan rejyon an pou yo ka finalman planifye vwayaj pa yo ! 

  
 

SOUS: caribbean.loopnews.com, travel.usnews.com, tripadvisor.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.