Souple tann...

Vwayaje sou zile Matinik, se yon bagay ki fasil.

28 jiy

 

Vwayaje sou zile Matinik, se yon bagay ki fasil.  

Li sitiye nan mitan ti zantiy yo nan Karayib la. Zile Fransè se youn nan nou eskpreryans ou p ap rive bliye fasil pou nou pa di jamè. Pou moun ki vle sa k pi bon nan de mond yo, plaj ak mòn posib pandan yon moman vakans nan peyi Matinik. 

Ti koze sou Matinik. 

Zile sa piti epi li inik nan Karayib la, li te kreye akoz yon eripsyon vòlkanik ki te eklate sou mòn ki pi wo nan rejyon an, mòn pele. Se sa k koz plaj ki twouve yo nan nò zòn sa a kouvri ak yon sab ki gen yon koulè nwa, se yon bèl espektak ki merite pou w ta wè ak je w. Matinik se youn nan zile ki plis gen yon pakèt kote ineksplore ak kèk plaj, mòn, vòlkan ak forè twopikal liksziryan. 

Pi bon sezon pou w vwayaje sou zile Matinik soti nan mwa Desanm pou rive Avril. Se nan moman sa yo tanperati a estab soti 70 pou rive 85 degre. Epi nan mwa Jen sezon lapli a kòmanse epi otòn pote sezon siklòn yo. 

Poukisa vwayaje nan peyi Matinik se yon bagay ki fasil 

Wi, vwayaje sou zile Matinik la fasil. Gen avyon k ap fè rantre soti sou zile a. Epi gen lokasyon machin w ap gen pou fè rezèvasyon pou deplasman w sou zile a. Yon ti machin ap pi bon, paske wout yo piti epi van ka vante lè w pa kwè tou. Depi w fin genyen yon machin ak rezèvasyon otèl ou kòm mwayen pou w deplase pandan jounen an. N ap konseye w pou w desann al vizite bò lanmè yo nan maten paske sit yo vrèman mayifik epi se pa tout wout yo ki gen ekleraj lannwit tou. 

Men bon nouvèl ankò pou moun ki deside vizite Matinik; zile a kounya vin pi fasil pou w vizite li yon lòt fason. Li ouvri pou ni vwayajè ki pran vaksen, ni sa k pa pran vaksen. Men nòmalman, w ap bezwen yon tès PCR chak 72 è, epi gen kèk lòt prensip w ap bezwen respèkte tou. Men globalman, eksperyans la vin pi senp kounya. Pou yon eksperyans sou zile yo ki pa sou kat tout moun men ta dwe la, vwayaje nan peyi Matinik vin non sèlman fasil men li agreyab anpil tou. Ebyen, kòmanse prevwa yon vwayaj pandan sezon yo la a, epi prepare w pou w kontan nan yon nivo w poko janm kontan deja, paske w pral sonje apre vwayaj sila estasyon balneyè yo ak mòn yo. 

Wi, asire w ou vizite prèskil karavèl la ak monte nan tèt fa a. W ap jwenn la youn nan pi bèl vizyon nan mond la, pwofite fè foto epi pibliye pou lòt moun wè yo, sitou k ap viv nan menm zòn avèk ou nan peyi kote w soti a. 

SOUS: travelpulse.com, caribjournal.com, cntraveler.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.