Souple tann...

Zile Turck and Caicos retounen lekòl apre pak

16 avr

Selon nouvèl ki soti chak semèn, Minis edikasyon an onorab Rachel Taylor te anonse reouvèti lekòl yo pou aprantisaj nan klas nan zile Turck and Caicos. Tout lekòl piblik tankou prive ap reprann kou an prezansyèl, ak kèk restriksyon yo mete an plas pou asire sekirite elèv ak pèsonèl la.

Elèv yo nan zile Turck and Caicos ale lekòl lantman depi le 22 mas. Yo te ankouraje lekòl ki gen mwens pase 200 elèv yo pou yo mennen elèv yo lekòl.

Premye etap yo te pèmèt a moun aje yo patisipe nan kou an prezans. Ak anpil konsiderasyon pou liseyen yo,Taylor te di: « ministè a vle asire l ke etidyan yo jwenn tout soutyen ki posib pou yo prepare gzamen ekstèn yo pou antre sou mache travay ak bay mwayen pou yo toutan ap aprann.

Mezi sekirite pou retounen lekòl

Apre vakans pak, tout elèv ap retounen lekòl. Sa vle di, plizyè mezi sekirite pral mete an plas pou kenbe elèv ak pèsonèl yo ere epi an sante.

  1. yo pral ajiste orè yo dapre kas la soti 8 h 30 rive 14 h 30 ou 15 h.
  2. Chak jou ap gen pwojeksyon pou tout etidyan yo.
  3. tout moun dwe mete mas oubyen ekran fasyal chak jou.
  4. Elèv yo ap rete nan yon sal klas, « sistèm a bil » ak lòt kamarad.
  5. Deplasman yo pral limite sou kanpis la
  6. Pwofesè yo ap mete an plas depryòd pou poz pou chak klas, yon fason pou timoun yo delache kò yo.

Anplis, gen materyèl pou anpeche moun etènye ki an preparasyon, ansanm ak mizajou CDC yo k ap fèt chak jou ak responsab sante yo.

Zile Turck and Caicos swete ke etidyan yo genyen yon ekperyans èskolè nòmal apre vakans pak la. Rete an sekirite

Sous: TCweeklynews.com and Suntci.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.