Souple tann...

Emira Arabzini (EAU) ap Finanse yon Pwojè 50 Milyon Dola Ameriken pou Enèji Renouvlab nan la Dominik

01 jen

Foto :  koutwazi gpointstudio 

Emira Arabzini (EAU) ap Finanse yon Pwojè  50 Milyon Dola Ameriken pou Enèji Renouvlab nan la Dominik 

Commonwealth nan la Dominik te dwe resevwa pi gran envèstisman enèji renouvlab nan tip sa a pou rejyon an : yon sistèm stokaj enèji ak batri 5 megawat / 2,5 megawat pou 50 milyon dola ameriken. 

Pwojè batri sa finanse an pati pa gouvènman la Dominik la. Sepandan, kontra enjeniri a, apwovizyὸnman ak konstriksyon (EPC) pou konstriksyon pwojè enèji pwὸp rezistan ak ouragan an finanse pa Fonds EAU-Caraïbes pou enèji renouvlab (UAE-CREF), ki antyèman finanse pa Abu Dhabi Fund for Development (ADFD). (thecaribbeannewsnow). 

Masdar, yonn nan pwensipal sosyete enèji renouvlab nan mond lan, ap dirije konsepsyon ak mizannèv pwojè a, ki pral soutni objektif enèji pwὸp la Dominik. Batri a pral estabilize rezo elektrik la tou, li pral founi pwisans bay rezèv la ak kontwole fwekans la epi li pral founi yon nivo siplemantè nan rezilyans klimatik la, diminye enpak evènman meteyowolojik grav yo (wam.ae). 

Sistèm stokaj pa batri a ap konplete pwojè pwodiksyon enèji ki egziste yo ak sa ki an kou nan la Dominik, ki pèmèt yon gran pati nan deplwaman enèji renouvlab san enpak negatif sou rezo a (wam.ae). An konsekans, sa pèmèt yon ogmantasyon nan penetrasyon enèji renouvlab yo ki soti nan idroelektrisite ki egziste deja ak nan sous fiti jeyotèmik yo (wam.ae). 

Nan yon santiman gratitid anvè gouvènman Emira Arabzini yo pou kontribisyon siyifikativ sa a nan devlòpman peyi yo , Premye minis Commonwealth la Dominik la, Dr Roosevelt Skeritt, deklare : « sistèm stokaj pa batri 5 MW a ap pèmèt nou pase pi rapidman poun soti nan konbistib fosil ale nan sous enèji renouvlab nan sektè elektrisite a. Nap tann ak enterè pouswit patenarya ak Emira Arabzini nan domèn devlòpman dirab ak lὸt domèn ankὸ nan enterè mityèl alafwa bilateralman ak miltilateralman » (wam.ae). 

Fon pou enèji renouvlab Emira Arabzini ak Karayib yo te lanse nan Semèn dirabilite Abu Dhabi 2017 antan ke patenarya ant ministè Afè Etranjè ak Kowoperasyon entènasyonal Emira Arabzini yo (MoFAIC), Masdar ak ADFD – prensipal enstitisyon finansyè Emira Arabzini yo mennen pwojè devlὸpman nasyonal ak mondyal (wam.ae). 

Dapre siltan AI Shami, minis adjwen Afè etranjè ak Kowoperasyon entènasyonal pou afè devlòpman entènasyonal nan MoFAIC, << Depi kryasyon li antan ke nasyon, Emira angaje yo pou pwomouvwa lapè ak pwosperite mondyal epi pou soutni devlopman nan lὸt peyi>> (wam.ae) 

Sous:      

 

carilec.org 

thecaribbeannewsnow.com 

wam.ae 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.