Souple tann...

Yon Jij Ameriken Otorize yon Antrepriz Jamayiken Achte Rafinri Limetree Bay

18 jan

Foto: Cortesía de ktsimage

Yon Jij Ameriken Otorize yon Antrepriz Jamayiken Achte Rafinri Limetree Bay 

Rafinri petwòl Limetree Bay nan sent kwa ki nan zile vyèj ameriken gen yon nouvo pwopriyetè potansyèl. Jij ameriken David Jones, ki se jij ki pwononse l nan zafè fayit, apwouve le 21 desanm 2021 vant rafinri Limetree Bay a sosyete stokaj petwòl jamayiken West Indies Petroleum (WIPL) ansanm ak Port Hamilton Refining and Transportation pou 62 milyon dola. Yon faktè majè nan desizyon jij la se gwo soutyen anpil pati ki enplike nan tranzaksyon an, menm antrepriz ke y ap vann nan, Limetree Bay Refinery (viconsortium.com). " Avoka rafinri a, Elizabeth Green, te temwanye an favè vant lan, lè li deklare ke Limetree Bay te fè prèv de dilijans rezonab e WIPL te mete nan jwèt la 10 milyon dola depi rezilta vant ozanchè a" (viconsortium.com). 

St. Croix Energy LLLP se soumisyonè ki ka achte tou a 57 milyon dola. Si West Indies Petroleum paka konkli vant la an janvye 2022, se St-Croix k ap genyen opòtinite pou achte.  West Indies Petroleum ak St. Croix Energy vle redemare rafinri a , menm lè nan moman an gen yon ankèt ke ministè jistis ameriken apre ta genyen silfi idwojèn ak diyoksid de souf pandan yo t ap redemare nan kòmansman 2021, sa ki te rann rezidan Sent Kwa yo malad (reuters.com) . 

Rafinri a te konfronte anpil pwoblèm nan ane sa yo. Apre ke li te rete inaktiv pandan prèske dizan, rafinri ki te konn bay 210 000 baril chak jou a te vin relouvri pòt li nan fevriye 2021 sou kontwòl kapital prive, li te vin fèmen nan mwa me apre ke enstalasyon an te bonbade katye vwazen yo ak yon bwouya petwòl e rezidan yo t ap plenyen ak pwoblèm respiratwa (reuters.com). Ajans ameriken pou pwoteksyon anviwònman te mande pou fèmen izin nan pandan pi piti 60 jou apre ensidan an, sa ki te lakoz tou kontaminasyon dlo nan kominote a (reuters.com). EPA te egzije tou pou izin nan enstale e fè fonksyone 18 monitè diyoksid de souf ak silfi idwojèn nan Sent Kwa avan pou operasyon yo ta redemare (reuters.com). Suit a lòd sa yo, GIE Limetree, ki te gen soutyen GIE, pa t ka jwenn finansman nesesè pou relouvri izin nan. Nan jen 2021, izin nan anonse l ap fèmen pòt li nan Sent Kwa a koz pwobèm finansye (reuters.com). 

Sous: 

reuters.com 

viconsortium.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.