Souple tann...

Vakansye yo Pran Bis nan Bèmid

15 fev

Vakansye yo Pran Bis nan Bèmid

Si w te genyen chans vizite Bèmid, ou konnen jan sistèm bis la ala mòd. Sa pa gen anyen pou wè  ak bis an Amerik yo. Fanmiy yo nan Bèmid gen dwa a yon sèl machin. Tout moun dwe pran ou pataje yon bis. Se pou rezon sila li pa ra pou pran bis nan Bèmid.

Se vre touris yo rive sou zile a men l ap difisil pou deplase si yo pa itilize sistèm bis la. Alèkile, anpil estasyon balneyè genyen sistèm navèt pou mennen w kote w vle ale. Men si w pra l vwayaje toupatou ak abitan yo, bis la se solisyon. 

Pran Bis pou Vizite Bèmid Tankou yon lokal  

Nenpòt kote’w ap vwayaje sou bèl zile Bèmid la, bis yo ka mennen w. E ou pap pou ko’w. Se yon mwayen fasil pou deplase paske bis la sikile prèske tout jounen an. Non sèlman yo fasil pou jwenn men yo anpil tou. Li trè difisil pou w ta manke yon bis ak koulè woz e ble yo a. Genyen 11 liy bis e 14 zὸn pou vizitè yo pwofite. 

Me kèk bagay ke w dwe konnen avan w pran bis nan Bèmid 

  • Ou pral bezwen monnen egzat oubyen yon tikè. W ap jwenn biyè nan kèk sant vilajyati, nan biwo pὸs ak tèminal feri yo. Ou ka menm jwenn yon lese pase transpὸ pou yonn a sèt jou.
  • Orè bis yo disponib nan tèminal feri yo e nan kèk otèl. 
  • Moun yo travay le maten ak lè depa. Konsa ou dwe evite lè ki pi chaje yo. 
  • Poto woz ke nou kwaze tou patou sou zile a se pou otobis k ap ale Hamilton.
  • Poto ble yo se pou sila k ap soti Hamilton.
  • Pou deplasman lannuit, genyen taksi ak pwogram kovwatiraj. 

Pou fini, pou sekirite tout moun, asire w ke w konsilte potokὸl COVID-19 ki genyen.  

Amize w e rete an sekirite nan Bèmid! 

SOUS: Bermudareal.com, gotobermuda.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.