Souple tann...

Vizite Kostarika

19 okt

Vizite Kostarika 

Pa gen dout, fè eksperyans nan pase vakans ou Kostarika se pi bon chwa ou te ka fè. Paske nou konnen vakansye yo te manke vwayaje ale nenpòt kote nan ane ki te sot pase a. Peyi ki nan Karayib la ap monte egzijans yo chak jou ki pase pandan ke gen plis moun kap vaksinen. Kostarika se destinasyon pou vakans ou si ou anvi ale yon kote ki gen bèl plaj twopikal, avanti ki eksitan, bèl mèvèy lanati ak kilti ki vibran. 

Nou kapab konstate ke Kostarika diminye egzijans li yo yon fwa ankò pou li kapab ogmante vizit li yo. E sa se yon bon nouvèl pou poplilasyon an, moun ki gen biznis nan Kostarika mete ansanm ak vwayajè yo alawonbadè. Nan dat ki te premye Dawou, moun ki te swete vizite bèl peyi sa kapab fè li san ke ou pa bezwen asirans de vwayaj. Anplis, desizyon sa aplike pou menm timoun ki poko gen 18 lane. 

Egzijans ki fèt se pou vwayajè yo ta vaksinen e pou yo ta ranpli yon “kat de sante” nan mwens ke 72 è yo rive nan peyi a daprè minis touris la Gustavo Segura. 

“Nan moman vaksinasyon ap avanse sou mache nan fason priyoritè pou touris Kostariken, e pou benefisye reyaktivasyon vwayaj entènasyonal, li enpòtan pou yo fè egzijans yo pi fasil pou moun ki pa reprezante gwo risk (nan tèm ekonomik) maladi grav oubyen ki pa lopital nan eta a.” 

Vwayajè ki vaksinen yo, gen egzijans pou yo tache sètifika vaksinasyon avèk kat sante an ansanm. Vwayajè ki soti nan peyi Etazini ap genyen pou yo itilize “ kat anrejistreman Kovid 19 vaksinasyon”. 

An gwo, sètifika vaksinasyon avèk kat vaksen ki genyen o mwen enfòmasyon sa yo sipoze aksèptab: 

  • Nonmounnan ki resevwa vaksen an. 
  • Datchakdòz li pwan. 
  • Ki kote li tepwanl. 

Vini pou kapab wè e viv tout sa yo ou manke ki enpòtan nan Kostarika 

 

Sitasyon: thecaribbeannewsnow.com, visitcostarica.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.