Souple tann...

Avètisman: vὸlkan ap reveye

09 mas

Avètisman: vὸlkan ap reveye

Chèchè sismik avèti de (2) vòlkan K’ap reveye apre plizyè deseni.

De vὸlkan nan Karayib la parèt aktif apre plizyè dekad trankil. Bòl ki nan tèt vòlkan La Soufrière nan Sen Vensan ak zòn ki sou mòn Pelée nan Matinik toulède ap reveye. Syantis yo ap gade ak je yo byen gran  aktivite a ak chanjman nan volkan yo.

Vὸlkan la soufrière

29 desanm 2020, lav soti nan vòlkan La Soufriere ki pa gen okenn eksplozyon reyèl. Li te degaje vapè ak gaz ak yon sant souf diferan nan lè a. An reyalite, magma ki soti nan vòlkan an te fòme yon nouvo bòl sou tèt la, epi kratè ki te la deja yo te disparèt. Dènye eripsyon an te nan lane 1979.

Yo pa fè kenn evakyasyon nan moman an, byenke alèt la te leve nan estati zoranj.

Vὸlkan Pelée

Premye siy avètisman yo te 8 ak 9 novanm lè te gen aktivite sismik nan zòn nan. Yon ti tan apre, yo te tande gwonde a soti nan vòlkan nan Matinik nan 3 desanm 2020. Dènye eripsyon an te nan 1932, lè prèske 30,000 moun te mouri nan eripsyon an.

Aktivite Vòlkanik

Kòm ou ka konnen, yon vòlkan se yon ouvèti nan kwout latè  kote eripsyon yo alimante pa presyon ak gaz, pwodwi lav ak sann vòlkanik. Istorikman pi move eripsyon vòlkanik yo se sa yo ki nan mòn Tambora, Krakatoa, mòn Pelée, mòn Ruiz, ak pi popilè a se sa Pompei a.

Syantis yo te gade de vὸlkan yo ki soti nan ibènasyon nan prèske menm tan an. Sepandan, li te konkli ke distribisyon an se senpleman yon koyensidans.

Si w ap viv nan zòn sa yo, bagay ki pi enpòtan pou fè se fè atansyon ak sistèm avètisman yo. Rete  an sekirite.

Kredi: britanica.com ak weather.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.