Souple tann...

Jesyon Dechè yo nan Karayib la.

04 okt

Jesyon Dechè yo nan Karayib la. 

Anpil moun pa janm panche sou kesyon jere dechè yo nan Karayib la. Olye sa, yo pito ap imajine kèk plaj imakile, forè liksziryan e plis pase sa ! Men yo pa janm poze tèt yo kesyon, pou yo konnen ki kote tout dechè yo ale sou yon bèl zile konsa, alòske sa ka debouche sou yon gwo kriz ki ka menm devaste zile yo. 

"ReMlit" ka petèt youn nan kèk repons sou kriz ki toujou preyokipe lespri otorite yo sou kesyon jere dechè. Akoz espas anfwisman an k ap diminye ak defi yo pou jere dechè nan tout zile yo, OECO te kòmanse idantifye kèk pi bon pratik pou ranmase fatra yo. Efò sa ap devlope nan tout Karayib la, li anglobe tout bèt yo, oseyan an ak lavi sou lanmè ki chita sou sante zile yo. 

Kisa ReMlit la ye ? 

Selon kèk sous, "Building resilience in the eastern Caribbean through reduction in marine litter ou ReMlit, se kèk nouvo kad politik nasyonal ak rejyonal nan jesyon dechè, ki pral ankouraje peyi yo aplike alafwa prensip zewo dechè ak ekonomi sikilè nan sousi pou redwi dechè ki kreye yo." The Caribbean News Now 

Gras kèk etid minisye e delibere, ReMlit dekouvri yon bezwen prese prese pou yo adopte jesyon dechè. Dechè ki sible yo anglobe matyè premye òganik, plastik yo ak kèk lòt atik ki ka resikle, ki ka sèvi kòm konpòs, ki ka itilize ankò sou yon lòt fòm olye yo kouri jete yo. Politik reponn tou sou nesesite yon kowoperasyon ant zile yo nan Karayib la, pou redwi sou kantite dechè k ap pwodwi. Antigwa ak Babouda ap travay san kanpe pou mete kanpe pi bon metòd sa yo epi pran anviwonnman maren an ak tout zile yo menm kote a. 

Menm kote a tou, Jamayik ak Panama t adopte “The trash free initiative" pou yo kontinye ankouraje abitan yo ak ajans gouvènmantal yo nan efò yo ap fè nan rediksyon ak itilize ankò sou yon fòm dechè yo. Objektif yo se anpeche dechè rive nan dlo yo ki debouche nan lanmè Karayib la. 

Redwi dechè yo 

Jesyon dechè pa sèlman yon pwoblèm bò kote nasyon ensilè yo. Li se yon pwoblèm mondyal kote plizyè ajans ap chèche fè limyè sou li depi plizyè ane. Espesyalman nan Karayib la, kwasans demografik ak retou aktivite touris la akouche yon ogmantasyon olye diminisyon ki nesesè a. Rediksyon dechè a te reyalize gras kèk pwogram sansibilizasyon ak gouvènmantal ki ede moun yo konnen kòman ak ki kote yo fè resiklaj epi bay. Se yon kòmansman ki anonse anpil bèl espwa, se vre rediksyon ak resiklaj la ap pran anpil tan avan l ta genyen yon enpak total sou dechè ki rasanble sou zile a, men chak nouvo se petèt yon pa anplis nan direksyon solisyon nou swete a, si tout zile yo chwazi patisipe ak kowopere. 

SOUS: The Caribbean News Now, ReMLit.environment.gov, UNEP.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.