Souple tann...

Resevwa ekonomi ble

16 mas

 

Nouvo sant Ekselans an oseyanografi ak ekonomi ble  pou kòmanse devlòpman.

Inivèsite Antiy yo nan zile Antigua-e-Barbuda pwal akeyi avan lontan sant Ekselans an oseyanografi ak ekonomi ble . Sekretè jeneral Commonwealth la deside apiye plan yo pou bay bon jan bourad ak gwoup kap travay sou ekonomi ble dirab ak Inivèsite a pou yo ka vanse.

Konnya ou ka ap mande kisa ki ekonomi ble?

Dapre bluecharter.thecommonwealth.org...

ekonomi ble» se yon konsèp k ap monte  ki ankouraje eksplwatasyon dirab, inovasyon ak gere oseyan nou yo ak resous ble ki bay lavi

Objèktif sant la se pou ankouraje sanblizasyon, inovasyon ak aksyon nan syans ki gen rapò lanmè ak ekonomi ble nan karayib la. Yon pi bon jerans de resous ble oseyan yo, tankou efò ekonomi vèt, pwal  pèmèt yo amelyore byenèt moun yo, ekite sosyal ak dirabilite enviwònmantal. Tankou sa endike nan chat ble Commonwealth la.

Gade ansyen fason nou konn voye, peche ak pwan petwòl, gaz ak minero ki pa konn pwan an kont ekosistèm ke yo fè pati de li a. lè tout fòs yo reyini nan yon apwòch ki pi olistik, mond yo ka egziste ansanm epi soutni yonn lòt.

Nouvo sant Ekselans an oseyanografi pwal ede nan rechèch ak edikasyon ak ekonomi ble ansanm ak soutyen gouvònman Antigua-e-Barbuda.

Le fè ke yo anpil resous nan lanmè nan zile Karayib yo bay anpil posiblite ekonomi ble an matyè kreyasyon travay, ensekirite alimantè ak povrete. Ansanm, resous sa yo ka vin sous èstabilite kominotè ak posiblite travay ak bay anpil manje, tout sa yo se lanmè ak moun  kap bay yo

Itilizasyon resous lanmè nan zile yo ap bay avantaj pou lontan gras a edikasyon e inovasyon inovasyon ke nouvo sant la bay.

sous: thecommonwealth.org and bluecharter.thecommonwealth.org


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.