Souple tann...

Sa ke Antigwa ak Ekstrèm-Oryan genyen en komen

17 sep

Sa ke Antigwa ak Ekstrèm-Oryan genyen en komen 

Karayib la fè sansayon odela de zile yo, e sa depase je zolenmpik. Ou wè sa, genyen moun nan mond lan ki fè diferans lan e konstwi yon non pou zile Karayib yo, an patikilye Antigwa. 

Antigwa ak Ekstrèm-Oryan gen de bagay en komen, pi presizeman de pèsonaj. Moun sa yo se Naomy Pena ak Jon-Mikel Best ki nan Antigwa. Se de manb eksepsyonèl klèb Rotary ak Rotaract nan Shanghai ki relye Lachin ak Antigwa. 

Naomy Pena se vis prezidant Rotary Club Shanghai, se dezyèm pi ansyen klèb ki nan Lazi. Se pi jenn e se premye moun ki pa aziatik ni kokazyèn ki asime wὸl lidè sa, e se premye nan Karayib la. Anplis, li pral kandida pou prezidans lan pandan de lane k ap vini yo. 

Nan yon entèvyou, Pena te deklare : "Nou entèvni e nou te gen lè diferan, nou te gen yon son diferan e nou te abὸde bagay yo yon lὸt jan, sa ki te pwovoke kèk keksyon ak fouyapὸt. obsèvatè Antigwa. 

Natirèlman, laplipa nan difikilte yo te disparèt byen rapid. Konnya, Naomy se responsab jeyografi epi kὸdonatris aprantisaj pa sèvis nan yon lekὸl prive bileng.  

Antan ke aktyèl prezidan Rotaract Club Shanghai, Jon-Mikel Best brize statu quo ak wl enfliyan sa. Soti nan manb pou l vin sekretè, se tout moun alawonn badè ki vote l prezidan. 

Pandan tan sa, Jon-Mikel pral dekwoche yon bakaloreya nan ekonomi ak komès nan Inivèsite Tongji. 

Antigwa ak tout Karayib la pa ta ka pi fyè de de sila yo ak anpil lὸt k ap fè konnen talan yo nan zile yo nan Karayib la. 

SOUS: antiguaobserver.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.