Souple tann...

Ki èd yo voye an Ayiti ?

05 okt

Ki èd yo voye an Ayiti ?

Anpil òganizasyon karitativ ak lòt peyi ap kouri pou bay kout men a pèp ayisyen an. 

Tankou tout moun konnen konnya, yon tranbleman tè mayitid 7,2 te frape Ayiti samdi ki te 14 Dawou 2021. Plis pase 2 200 moun mouri,12 200 lòt blese ak plis pase yon santèn ki disparèt. E se tankou tout sa pa t ase, tanpèy twopikal Grace sot pase tou, li inonde ti rès moun ki pat mouri yo, inonde lari e pwovoke glisman teren. Alòs, kesyon an se, ki èd ke yo voye an Ayiti ? 

Bòn nouvèl la se plizyè òganizasyon ki òganize sit pou don ak pwogram benevola pou bay èd. Legliz amerikèn endepandan yo, ansanm ak gouvènman ak gran òganizasyon te rasanble resous pou bay manje, yon abri ak yon asistans medikal a viktim yo. Anplis, gen yon mwayen pou nenpòt moun benefisye èd ki vini an Ayiti. 

N ap jwenn anba a yon echantiyon etablisman ki pare pou bay èd e voye founiti an Ayiti. 

  1. World Visionte bay 6 000 kits ijyèn ak pwodwi alimantè. E yo pare pouf è plis. 
  2. Caribbean Lovefè yon 5 milyon dola a Food For the Poor. 
  3. CatholicRelief Services te kreye yon paj pou pou jwenn don epi priye pou fanmiy yo. 
  4. L'USAID DARTte voye patnè imanitè pou sove lavi e kontinye operasyon pou pote sekou yo.  
  5. ProjectMedishare te òganize yon paj GoFundMe pou jwenn èd. 
  6. Hope for Haitiaksèpte tou kontribisyon pou soutni efò sekou yo e redwi povrete an Ayiti. 
  7. Kizinsantral mondyal de José Andrés bay manje a premye entèvnan a viktim yo. Ekip sa aksèpte tou kontribisyon finansyè 
  8. EUNICEFmobilize founiti medikal pou lopital ak abri ijans. 

Alòs ke anpil moun pare pou bay yon kout men, klima politik la rete yon defi pou òganism byenfezans k ap bay èd. Donk, lè w chwazi kote pou w voye èd, li preferab pou pase pa yonn nan gwoup ki byen etabli pou asire w ke kontribisyon w lan rive e ke pèp ayisyen an jwenn li. 

SOUS: WorldVision.org, Jamaica.loopnews.com, USAID.gov, washingtonpost.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.