Souple tann...

Kisa ki Varyòl Senj la, Eske w Dwe Enkyete w Pou sa ?

08 out

Kisa ki Varyòl Senj la, Eske w Dwe Enkyete w Pou sa ? 

Sa ka rive w te tande pale de epidemi sila a "Varyòl Senj la". E si w wè kèk foto moun ki genyen l sa ka fè w kòmanse gen laperèz, se pa manti. Anpil moun ap mande tèt yo kisa maladi sila a ye menm? Nan ka sa ou pa pou kont ou. 

Varyòl Senj la se yon maladi ki ra, e anpil moun pa twò konnen sa l ye, li te parèt tou dènyeman yo la lakay plis pase 30 moun nan mond la. Plis kote yo te anrejistre ka sa yo se nan yon zòn nan kontinan Afriken an ki rele Benen. Menm lè sa, dirijan yo nan mond la pran fason li ka gaye nan mond la yon fason ki serye. Men kèk eksplikasyon sou maladi ki rele varyòl senj la. 

Kisa ki Varyòl Senj la? 

Yon fason ki senp, varyòl senj la se yon maladi ki ra e ki gen lyen ak yon bagay ki rele varyòl. Li lakoz gwo bouton ki lèd ak k ap bay pij sou po kò moun ki genyen l lan, premye kote li kòmanse parèt se nan figi moun nan apre sa li gaye sou tout kò moun nan. Jan li aji sou sistèm moun ki genyen l yo a, yo dekouvri l te kòmanse de kote diferan, sa vle di li genyen de souch, youn nan zòn Afrik Lwès la epi lòt la se nan zòn Afrik santral. Majorite nan ka yo, nou rankontre yo nan nan peyi Afriken ki pa lwen kèk zòn yon forè twopikal ki fè frèt anpil. 

Non varyòl senj la, soti nan premye ka yo te depiste yo, sa vle di premye moun yo te dekouvri maladi sa t ap develope lakay yo a, paske fason moun sa yo te ye a, yo te twouve pwoblèm sa lakay kèk senj, sa nou rele makak la nan ane 1958. 

Kouman li manifeste : kèk sentom : 

Okòmansman, yon moun maladi sa rive sou li ap santi yon ti tèt fè mal, l ap santi fyèv ak kèk kote nan kò li k ap fè m mal oubyen ki rèd. Apre sa, lè fyèv la tonbe, bouton ap kòmanse leve e pete sou po kò l, sa vle di bay yon dlo ki yon jan gonmen. Bouton sa yo, sanble ak bouton ki konn leve sou kò moun lè yo kwaze ak maladi ki rele varisèl la. Lezyon non sèlman yo bay gwo doulè e yo bay demanjezon, gratezon ak pikotman, sa vle di  yo fè w santi w anmède nan kò w, yo ka fè w about nan plede grate, sitou pla men w ak anba plant pye w. Malerezman lezyon yo ka kite vye sikatris nan kò w. Men varyòl nan majorite fason li prezante yo, li fòme lòt kouch sou po kò w ki fè po kò w parèt lèd, byenke li kòmanse geri nan 2 pou rive 3 semèn apre li te vin frape w. 

Kijan w ka pran maladi sila 

Lè w chwazi gen kontak kole sere ak yon lòt moun ki te deja genyen li, se youn nan mwayen ki pi fasil pou w atrape maladi sa, paske sa pèmèt li gaye pi vit nan anviwònman an. Selon yon rapò BBC te mete deyò, viris la ka rantre nan kò yon lòt moun byen fasil, si po kò moun gen kote ki gen ouvèti, tankou si moun nan blese oubyen l gen bouton ki pete sou kò li, li ka pase kote ki pèmèt moun respire yo, nan je w, nan nen w oubyen nan bouch ou. 

Viris la ka gaye nan anviwònman an tou, apati rad, sèvyèt oubyen dra ki enfekte akoz viris la. 

Eske moun k ap viv nan Karayib la ta dwe enkyete yo akoz maladi sa ? 

Varyòl senj la oubyen varyòl makak la, li plis ap fè dega nan kontinan Afriken an, espesyalman zòn Benen. Se vre, jiskaprezan yo poko jwenn kenn trètman ki efikas kont maladi sila a, paske vaksen kont varyòl senj la efikas nan nivo 80%. E anpil peyi ap degaje yo tankou mèt Jan Jak pou yo vaksinen popilasyon yo. Men sa ekspè yo di bò kote pa yo : Jiskaprezan pa genyen kenn enkyetid ki konsène yon epidemi entènasyonal. Gras ak mezi ki te pran pou n te jere viris kowona a depi nan ane 2020, pou nou te fè viris sa rive rete nan wòl li, gentan genyen mezi ki pran tou pou varyòl senj la, pou nou jere moun ki enfekte yo jan nou dwe jere yo a. 

 Ta sanble se vwayaj ki fèt nan kontinan Afriken an ki lakoz li kòmanse gaye nan kèk lòt kontinan. Donk, pou nou reponn kesyon an, n ap di pa gen kenn rezon pou pèsonn gen laperèz akoz epidemi varyòl senj la. Kontinye lave men nou, epi pa rete pre moun nou wè ki prezante kèk sentom ki sanble ak maladi a, pou nou pwoteje tèt nou ak lòt moun.  

Si w anvizaje pou w ta fè yon vwayaj sou kontinan Afriken an, l ap pi bon si w ta pran vaksen kont varyòl senj la avan w vwayaje. 

 

SOUS: CDC.com, BBC.com, Scientific America 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.