Souple tann...

Poukisa Konje Patènite Enpὸtan

15 out

Poukisa Konje Patènite Enpὸtan

Anvan n konprann poukisa konje patènite a enpὸtan, nou dwe konnen kisa li ye. Lè n ap pale de Jamayik ak zile yo nan Karayib la, gen yon bezwen fondamantal pou papa yo santi yo fè pati epi reponsab de edikasyon timoun yo. Nou pa moman konnya kote se manman ki pote tout responsablite yo. Timoun yo bezwen tou de paran yo pou yon bon depa nan lavi epi konsève sans fanmiy pandan plizyè jenerasyon. 

Dictionary.com dedini konje patènite a konsa: 

"Yon peryὸd absans travay ke yo bay papa a, oubyen yon kantite tan avan pitit li fèt : elajisman konje patènite kreye lyen ant fanmiy yo ki pi fὸ." 

Enpὸtans konje patènite a evidan si w déjà etidye strikti lafanmiy nan zile Karayib la. Pa gen dout nan sa, ekilibre patènite ak travay ka yon defi, men si papa a pa gen tan pou kreye lyen ak timoun yo, rezilta sa ka katastwofik. 

Korije stigmat jenerasyonèl epi ogmante wὸl papa nan fanmiy ap debouche sou yon timoun stab ak yon sosyete pi meyè. 

Rejim patènite ak plis ankὸ 

Konje matènite yo ogmante, e administrasyon Holness la vini konnya ak konje patènite  ak konje paran adὸptif. E se yon bon bagay. Fanmiy yo nan Jamayik ak lὸt zile yo bezwen anpil tan pou etabli yon pi bon lyen ant yo. 

Yon lὸt kote, gouvènman an angaje l pou l « modènize fonksyon piblik la, sa ki gen ladan l restriktirasyon reminerasyon sektè piblik la » selon minis finans Dr Nigel Clarke. 

Als ke y ap defini detay yo epi dat pou chanjman yo poko pibliye, gen yon plan ki an kou. 

Lè diskisyon an kὸmanse( sa gen 4 lane depi y ap eseye vini ak lwa sou konje patènite a) me sa pwofesè Opal Adisa te di : 

"Konje patènite a a ede chanje lide ki di ke se manman ki la sèlman pou elve timoun." 

Menm jan tou, Premye minis Holness te souliye enpὸtans lajan likid pou abitan sou zile yo epi yon ajisteman mὸd lavi yo ak travay. 

 Ekspè yo deklare ke Pwogrè refleksyon sa yo nan Karayib la, ap ede korije panse anpil jenerasyon epi konstwi yon lavni meyè pou tout timoun yo nan Karayib la. 

SOUS: St. Lucia.loopnews.com, Jamaica-gleaner.com, dictionary.com, pampers.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.