Souple tann...

Travay Nan Karayib La Pandan Moman Entèminab Sezon Ete A.

12 jiy

Travay Nan Karayib La Pandan Moman Entèminab Sezon Ete A. 

Travay nan Karayib la nan moman ete entèminab la, èske l pa sanble yon rèv ? 

W ap fè deba petèt sou opòtinite pou w kite gran vil la oubyen non. Men nou pwomèt ou depi w rive nan Karayib la, ou pral mande tèt ou poukisa w pa t kite vil la pi bonè. 

Èske w gen sa w bezwen yo pou w viv aletranje ? 

Viv deyò peyi w ka parèt chokan. Poutan, ou ka fè pwogrese karyè w pi wo lòske w motive pou w genyen sa w kapab epi retounen nan bèl peyizaj ou a. 

Sa se yon lis bagay ou dwe kesyone w sou yo avan w deside kontinye travay nan Karayib la : 

-Èske w gen disiplin nesesè pou w travay lwen peyi w ? 

-Èske w pare pou w fè nouvo zanmi ak sosyalize w avèk moun nan lokalite a ? 

-Èske w ap gen yon estabilite finansye k ap pèmèt ou travay pandan yon ane oubyen plis ? 

-Ki tip konfò w konn rankontre nan peyi w ki ka koz ou pa ka adapte w nan peyi kote w prale a ? 

Ki zile ki gen sansayon San bout sa nan Karayib la ? 

Asire w ou byen chèche ki zile nan Karayib la ou ta prefere kòmanse sezon ete entèminab ou a. Depi w fin deside w gen tout sa w ap bezwen pou w viv aletranje, lwen fanmiy ou e kreye yon nouvo karyè, se moman kounya pou w detèmine ki kote w vle al travay epi jwe. 

Kèk bagay ou dwe konsidere. 

-Aksè nan èpòt 

-Aksè entènèt 

-Sistèm sante 

-Estil vi kiltirèl la 

-Pri lavi a 

Dekouvri sistèm bankè entènasyonal yo. 

Anplis eseye pou deside si w vle fè yon gran pa pou w ale nan yon lòt peyi, ou dwe egalman etabli yon bidjè detaye epi reflechi sou ki jan w ta swete deplase lajan ant peyi sa yo. Nan diferan peyi, ou ka fè fas avèk kèk deviz etranje ak kèk frè bankè ki ogmante. 

N ap rekòmande w rasanble kèk dokiman k ap ka ede w louvri yon kont bankè ak jwenn yon lèt referans ki soti nan youn nan bank ou gen nan peyi w ap viv la. 

Nou ankouraje travay nan Karayib la pandan peryòd ete entèminab la. Wi, nou fè sa ! Soti epi santi briz oseyan an pandan w ap kontinye viv lavi w. Se pi bon nan tout mond la. Apresye! 

SOUS: www.caribbeanandco.com, www.travelweekly.com, citizenremote.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.