Souple tann...

Travay Pou Rive Elimine Fimen Nan Karayib la

07 jiy

 

Travay Pou Rive Elimine Fimen Nan Karayib la 

Pou fè referans a "Jounen mondyal san tabak ‘’ lendi 30 me 2022, ajans gouvènmantal yo pran pozisyon pou rann zile yo pi plis san fimen. Rive 2025 a 2030, anpil peyi nan Karayib la espere rive nan 100 % san fimen. Dosye sa pa sèlman enpòtan pou sante abitan zile yo men tou pou anviwònman. 

Dapre Dr Joy St. John nan CARPHA, "… konsomasyon tabak lakoz pou li sèl yon moun mouri sou sis dapre MNT." Li pale yon fason kote byenèt finansye moun yo ap amelyore lè yo pap bezwen achte sigarèt. 

Yon enpak anviwònmantal san fimen 

Anpil moun pa gen konsyans de enpak tabak genyen sou anviwònman. Non sèlman l ap ravaje lè a ak poumon, men ann fè yon ti gade pi pre. 

  • Deforestasyon an ap fèt nan tout mond lan.
  • E san pyebwa, nou p ap gen lè pou respire
  • Yo jete chak ane katreven milyon tòn CO2 akoz kilti tabak.
  • Chak ane yo koupe 600 milyon pyebwa pou fè sigarèt. Anplis desa filt sigarèt isaje vin ajoute sou fatra nou te déjà ap fè.

Se kèk nan fason ke tabak ak sigarèt ap tiye ekosistèm nou an ki te déjà frajil. 

Adolesan ak Tabak 

Timoun ak adolesan ki vin depandan de move abitid sa ap sèlman kontribye nan kriz finansye ak sanitè nan Karayib la. Nan ankèt ke yo fè, laj mwayen pou yon timoun ka panche vè sigarèt sitiye ant 13 e 15 zan lakay gason ak fi, ankèt sa yo fèt soti nan ane 2000 rive jodi a. 

Nan etid sa yo, popilasyon ap degrengole tou dousman. Men gouvènman yo swete jwenn rezilta pi rapid. 

Kisa nou ka fè? 

Pandan webinè ane sa ki rele ‘’ yon Karayib san fimen: yon pari gayan/gayan pou sante ak anviwònman ‘’ yo te mete an avan kolaborasyon ant nasyon yo. Webinè sa te fèt pou selebre Jounen mondyal sa tabak 2022. 

Kisa ki te objektif webinè sa ? pami anpil objektif anbisye, òganizasyon yo defini politik ak avantaj san fimen, ankouraje peyi yo a enplike yo pi plis toujou pandan ane k ap vini yo. 

SOUS: Jamaica.loopnews.com, paho.org, scielosp.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.