Nwèl nan Karayib : Tikè w pou yon fèt cho nan 2024
20 Dec
Souple tann...
07 avr
Foto: koutwazi Lobachad
Òganizasyon Mondyal laSante (OMS) gen anpil tèt chaje sou jan y ap separe manman ki gen COVID-19 ak ti bebe ki fenk fèt yo.
Dapre OMS :
Yon etid ki pibliye nan Lancet EclinicalMedicine montre gwo enpὸtans ki genyen pou kite ti bebe apenn fet yo gen yon kontak sere ak paran yo apre yo fin fèt, an patikilye sila yo ki fèt twὸ piti (yo pa peze lou ase lè yo fèt) oubyen twὸ bonè (yo fèt anvan lè). Men, nan anpil peyi, si enfeksyon COVID-19 konfime oubyen sispèk, ti bebe yo otomatikman separe de manman yo, sa ki ekspoze yo pi plis a risk pou yo ta mouri oubyen konplike lavi yo (who.int).
OMS gen plis enkyetid nan peyi pὸv yo kote gen plis timoun ki fèt prematire (anvan lè) oubyen ki mouri. Dapre yon etid ke OMS ak patnè li yo fè sou zafè metὸd swen matènèl Kangawou ki defini pa yon kontak po ak po pou yon bon ti tan ak yon paran ak bay lèt manman sèlman. Etid la montre ke si nou pètibe peryὸd sa ki tèlman enpὸtan, sa ka rann risk yo pi grav (who.int).
OMS konseye tout manman pou kontinye rete nan menm chanm ak ti bebe yo depi yo fèt, bay yo tete epi pratike kontak po ak po menm si ou konnen oubyen sispèk ou genyen enfeksyon COVID-19- yo dwe tou edike manman yo pou fè prevasyon ak evite maladi a pwopaje. Pratik tankou lave men, mete mas, lave ponp yo , elatriye. (who.int).
OMS deklare ke dapre etid ki fèt pa gen kenn sentὸm maladi COVID-19 lakay tibebe ki fenk fèt, epi chans pou yo ta mouri a fèb anpil.(who.int). OMS estime ke gen plis chans pou tibebe yo ta mouri si yo ta separe ak manman ke si yo ta pran maladi COVID-19 la (who.int).
Selon OMS, nou ka sove lavi jiska 125 000 tibebe gras a swen matènèl Kangawou. Pou tibebe ki fèt prematire oubyen ak yon pwa ki fèb, swen matènèl kangouwou a esansyèl. Yo montre ke pami ti bebe ki fèt prematire ak yon pwa ki fèb, swen matènèl kangouwou a redwi risk pou yo ta mouri jiska 40%, ipotèmi (fredi) de plis pase 70% epi gwo enfeksyon grav yo a 65%(who.int).
«Queen Dube, kise Direktris ministè lasante nan peyi Malawi deklare ke nou dwe fè plis atansyon pou asire n ke pwofesyonèl sante yo ak moun k ap pran gwo desizyon nan lemond yo pran konsyans ke se yon nesesite pou n kite manman ak tibebe yo ansanm pandan premye jou yo, an patikilye timoun ki fèt twὸ piti ak prematire. « swen matènèl Kangawou se yonn nan pi bon mwayen nou genyen pou pwoteje tibebe piti yo ak sila ki malad yo » (who.int).