Souple tann...

Wyclef Jean Mete Vwèl li pou Atlantis Paradise Island.

23 fev

Wyclef Jean Mete Vwèl li pou Atlantis Paradise Island. 

Prepare w, loreya twa fwa deja nan Grammy Award e fèt nan peyi D Ayiti, Wyclef Jean dirije tèt li pou Atlantis Paradise Island. Se moman festival gastwonomik ak diven nan Naso zile paradizyak k ap genyen pou òganize soti Mèkredi 15 Mas pou rive Dimanch 19 Mas 2023. Festival gastwonomik sa, se chèf kwizin selèb ki pran plizyè prim deja Alex Guarnaschelli ak JJ Johnson, k ap genyen pou anime li, tikè yo deja disponib depi kounya. 

Kèk enfòmasyon sou evènman festival gastwonomik ak diven nan zile Naso . 

Pwofite koute mizik andirèk, kèk demonstrasyon sou kwizin andirèk ak kèk koktèl atizanal nan moman fèt nan plaj  nan Bahamas. Si tout sa pa sanble enkwayab pou ou, w ap ka atann ou tou ak yon pèfòmans san parèy nan men Wyclef. Evènman sa mete limyè sou Bahamas epi mete valè sou devlὸpman peyi a nan kesyon gastwonomi ak divètisman. Pandan w ap divèti w, evènman an vize tou pou l fè konnen fondasyon ki rele "Atlantis Blue Project". Atlantis Blue se yon òganizasyon ki pa la pou fè lajan ki te fonde nan ane 2005, k ap goumen pou prezève epi pwoteje tout bèt nan rejyon an, abitan maren yo ak lanmè a nan Karayib la. Evènman an ap kòmanse a 7è nan aswè nan "Royal Deck at Atlantis". 

Kèk eksperyans siplemantè. 

Kliyan yo ap genyen posiblite pou yo ale nan kèk nouvo ba ak restoran ki louvri nan konplèks la. Nouvo restoran yo se "Paranza, Café Martinique, The Dilly Club, Bon Vivants bar et café". Restoran fantastik sa yo pwopoze w kèk chèf etwale t Michelin ak Adrian Delcourt,yon chèf ki gen renome mondyal. Konplèks la dispoze 14 pisin, 5 maylz plaj ki gen sab koulè blan, 141 mèt kare peyizaj akwatik, tobogan akwatik ki atire amatè sansasyon fò yo ak pi gran abita maren anplennè nan mond la. Plis pase 65 000 bèt akwatik avèk 250 espès k ap viv nan lagon yo ki alimante natirèlman zile paradizyak atlantid la. 

Nan ane 2023, zile paradizyak atlantid la genyen gran pwojè sou kèk renovasyon odasye k ap koute plizyè milye dola ak kèk nouvo patenarya nan estasyon an. Isi a ebèjman yo inovan, akeyan e ekstraòdinè. Pou 25yèm anivèsè konplèks la, li kontinye ap ofri epi selebre vwayajè yo, pandan y ap garanti yo kèk eksperyans san kanpe nan pi bon konplèks la - "Atlantis Paradise Island". 

Atlantis Paradise Island envite kliyan yo vin dekouvri istwa rich sa, moun yo senpatik, atizay lokal, festivite anime yo avèk manje kalite siperyè, pandan y ap konsakre yo pou anviwonnman an avèk dirabilite li 

SOUS: caribjournal.com, atlantisbahamas.com, prnewswire.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.