Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
24 avr
Depi w panse "Vakans", premye bagay ki vin nan lespri w se sètènman li pa "bon mache". Ajoute "twopikal" ak tout sa w wè, se deja kèk siy dola. E si l te genyen yon mwayen pou w vwayaje nan kèk destinasyon twopikal ki pi bèl ak pi vyèj nan mond la san w pa depanse anpil lajan ? Blòg sa pataje tòp 5 kote Vakans twopikal bon mache nan Karayib divèsifye ak pasyonan an !
Avan w abandone rèv ou pou w prelase sou plaj avèk yon bèl peyizaj admirab nan dlo yo ak zòtèy ou nan sab swa, dekouvri kèk nan vwayaj ki pi abòdab pou rezève nan sezon lete sa nan Karayib la.
1| "Vieques and culebra" nan Pòtoriko.
Pòtoriko se ekselan opsyon pou fanmiy yo, koup yo oubyen moun k ap vwayaje pou kò yo e ki pa gen yon gwo bidjè. Paske li pa lwen Miyami, nan florid la vòl yo souvan bon mache pa rapò lòt zile yo nan Karayib la. Tout kote nan Pòtoriko, genyen estand nouriti ki abòdab, kèk jwen lokal ak anpil plaj piblik gratis.
Pou plaj ki pa twò frekante, ti vil yo ak kou redwi yo, konsilte minisipalite ensilè yo ki sitiye byen lwen bò lanmè Pòtoriko. Sejoune nan kay nan lokalite a oubyen nan lojman familyal se opsyon ki pi bon mache a pou patikilye yo ak fanmiy ki dispoze yon fon limite. Men w ka toujou pwofite paradi twopikal sa ki se Pòtoriko. Eksplore plaj vòlkanik yo, bèt yo ak sit istorik yo.
2| "Naso, Bahamas".
Naso byen rekonèt pou atire kèk vizitè ki fòtine k ap chèche yon eskapad liksye nan kèk konplèks otelye senk etwal ak kèk kazino anime. Sepandan, gen yon lòt aspè sou Naso w p ap tèlman tande pale sou li. Destinasyon sa se youn pami pi bon vakans twopikal bon mache yo gras transpò a ki ekonomik ak anpil avantay plaj li yo ki mayifik.
Anpil nan plaj aksesib e bis ki rele Jitney a ap mennen w nan yo dirèk. Bis piblik abòdab sa a konn kanpe tou nan kèk katye anime nan sant vil la ak nan kèk lòt atraksyon nan Naso. Donk, si w ap chèche kèk vakans dekontrakte pou w al pwomennen bò lanmè entak yo pou w admire esplandè kèk vil, Naso se yon ekselan opsyon. Toutotan w pa tante pou w al nan lòt aktivite ki pi chè li pwopoze yo, se yon kote san fot nan Karayib la pou yon vwayaj abòdab.
3| "Placencia, Belize".
Belize pa t toujou konsidere tankou vakans twopikal bon mache. Men, èske w konnen li genyen kèk opsyon ki pi abòdab, sèlman w ap bezwen fouye pi plis. Pwent penensil la nan zòn Sid beliz otrefwa, se te yon vilaj pezib pou pechè li te ye. Jodi a se yon vil avèk yon kilti Kreyòl, kèk kay ki gen yon koulè vif, kèk restoran chaman ak yon anbyans dekontrakte. Anpil nan moun k ap viv la yo panse se Placenia ki genyen pi bèl plaj yo nan Beliz.
Men, an n sipoze w pa ta anvi pase tout moman vwayaj la ap detann bò lanmè. Nan ka sa, genyen pi plis atraksyon ak avanti pou kreye kèk souvni k ap dire pou lavi. Kèk nan aktivite yo, enkli naje avèk reken balèn sosvaj yo, plonje avèk Tuba nan Lakay ak pwomennen nan sant vil kolore yo.
4| "Pwovidansyal, zile Turcks and Caicos
"Grace Bay Beach" se yon lòt plaj sab blan gratis, piblik ak remakab. Kote sa nan zile Pwovidansyal ki genyen senk kilomèt sab blan ak kèk vag briyan ki gen ton jwayal. Pi bon kote a sèke li antyèman gratui.
Plaj Pwovidansyal pwopoze plizyè fason abòdab pou w itilize tan w ak eksplore zile a. Yon trajè nan taksi relativman bon mache e l ap mennen w kote w vle ale. Tankou, sant vil trè aksesib apye, pèmèt ou gade vitrin lòske w ou fè tankou chak grenn santim konte. Youn pami atraksyon dekale yo ki pi anrichisan se "The Potcake Place", yon refij pou chyen kote y ap okipe ti chyen ki sanzabri sou zile a.
Pesonèl la envite tout moun vin vizite epi ale avèk yon chyen nan pwomnad bò plaj la kote yo ka jwe deyò limit sovtaj yo epi genyen entèraksyon avèk nouvo moun. Toutotan w pa tante pou w adòpte youn nan chyen adorab sa yo, se yon aktivite gratis memorab ak pasyonan sou zile a.
5| "Punta Cana, Repiblik Dominikèn.
Si w ap chèche opsyon ki pi abòdab yo pou konplèks ki gen tout bagay yo, pa chèche pi lwen pase Repiblik Dominikèn. Zile sa nan Karayib la rekonèt pou konplèks ekonomik li yo pou fanmiy ak moun ki ankoup. Avantaj ki genyen nan konplèks yo, se paske w peye yon fòfè pou w manje ak dòmi. San n pa bliye anpil nan yo pral pwopoze w kèk divètisman ak aktivite pou kenbe w okipe. Anpil nan yo egalman deja rantre nan pèman inisyal ou a.
Lòske w swete avantire w deyò konplèks la, ou ka revève yon ekskisyon plonje nan apne, yon randone oubyen yon eksperyans nan tiwolyèn. Genyen tou anpil bèl plaj sou tout zile a. Sepandan laplipa nan sant vilejyati konplè yo twouve bò lanmè e yo ofri kliyan yo yon seksyon prive nan plaj.
SOUS: Insider.com, Belizeadventure.ca, Travelandleisure.com, Smartertravel.com