Souple tann...

6 Konsèy Pou W Vwayaje Sèl Yon Premye Fwa.

21 jiy

6 Konsèy Pou W Vwayaje Sèl Yon Premye Fwa. 

Èske w deside li tan pou w pase vakans ou pou kont ou ? Se yon lide eksitan ! Vwayaje pou kont ou se yon ekselan lide pou w grandi, pou w detann ou ak aprann plis bagay sou mond lan ak lavi a byen lwen aktivite pèsonèl ou. Avan w fè valiz pou w pati nan avanti sa, me kèk konsèy endispansab pou w vwayaje sèl yon premye fwa. 

Sekirite w ak byennèt ou se de bagay ki enpòtan pou w pa neglije, plis pase sa w te ka panse. Nan blòg sa w pral dekouvri kòman w ka byen prepare vwayaj ou pou kont ou. Nan fason sa, ou ka chwazi detann ou, fè kèk eksperyans memorab ak anpil lòt bagay ankò ? 

Èske li asire pou w vwayaje sèl ? 

Mezi sekirite a lè w ap vwayaje pou kont ou yon premye fwa depann sou plizyè faktè. Byenke nou ta renmen li pafètman asire pou w eksplore mond la pou kò w, men li t ap enpridan pou n sipoze l. Ale kèk kote w pa konnen ka deranje nenpòt moun ak mete lavi l nan danje.  

Kle pou rete nan sekirite lè w ap vwayaje pou kò w se byen prepare w ak aprann tout sa w kapab avan w deplase. Li nòmal pou w santi w nève ak eksite akoz vwayaj pou kont ou a. Se sa k fè w dwe pran yon ti tan pou w fè anpil rechèch sou sa si w pa santi w fatige. 

Yon ti kras panik ka benefik, sa ap ankouraje w pou w pran men w ak konsidere pi bon pratik yo lè w ap vwayaje pou kò w yon premye fwa. Avan w aprann plis bagay sou lè w ap vwayaje sèl yon premye fwa san kè sote, pran yon moman, ou dwe onèt avèk tèt ou ak rekonèt èske w pare vrèman pou w lanse w nan yon vwayaj ou menm sèl. Mande tèt ou : 

  • Èske m konfyan nan kapasite m pou m vwayaje pou kont mwen nan moman sa yo ? 
  • Nan ki tip destinasyon m ap santi m pa an danje si m vwayaje pou kont mwen ? 
  • Èske m satisfè lè m pase anpil tan san m pa gen moun bò kote m ? 
  • Ki enkyetid mwen gen konsènan vwayaje pou kò m nan ? 

Apre sa si w santi w toujou konfyan pou w vwayaje pou kò w, kontinye li pou w ka pi byen prepare w ak rete nan sekirite. 

4 Konsèy Pou W Vwayaje Pou Kò W Yon Premye Fwa. 

W ap jwenn anba a 4 pi bon konsèy ou dwe konsidere pou nouvo moun ki panse vwayaje sèl yo, avan yo monte avyon an epi pati pou vwayaj la. 

1|Chwazi Ak Destinasyon W Ak Anpil Swen. 

Premye prekosyon pou sekirite pou w vwayaje sèl, se chwazi ak swen ak estrateji destinasyon w. Sa ki rann yon kote asire pou touris solitè, se yon endistri touristik enpòtan ak aktif, yon kilti ak yon lang ki familye ak asireman yon to kriminalite ki fèb. 

Dekouvri nivo kriminalite nan yon peyi oubyen yon vil se yon bagay ki relativman fasil. Ou ka jwenn majorite repons rapid yo gras yon rechèch sou Google. Yon lòt kote, li ka parèt difisil pou konprann poukisa yon endistri touristik aktif ak familyarite enpòtan tou. 

Gran endistri nan kesyon touris. 

Lè w ap vwayaje sèl yon premye fwa, chwazi yon kote ki gen yon endistri touristik byen etabli kote vwayajè ki pi avid plis lwe olye yo kritike. Avantaj nan karakteristik sèke li egziste kèk systèm ak kèk "hubs" pou touris kote nouvo vizitè yo ka fasilman vwayaje, planifye ak jwenn tout sa yo ka bezwen. Anplis, touris aktif la vle di jeneralman abitan yo konn akeyi vizitè e yo pi dispoze pou yon bay lanmen avèk moun ki vwayaje sèl. 

Mize sou diferans kiltirèl yo ak lang la. 

Ou dwe chwazi yon zòn kote kilti a ak lang la familye. Sa pa limite w sètènman pou w vwayaje sèlman nan peyi anglofòn yo, si se lang matènèl. Divès kote gen yon lang prensipal men yo pale anglè tou. Donk, sof si w ta prevwa aprann yon lang ki toutafè nouvo avan w vwayaje, chwazi yon destinasyon ki plis anglofòn pou rann eksperyans ou yon jan pi fasil. 

Menm jan an tou, yon kilti ki pataje kèk valè w abitye avèk yo deja ap pwofitab pou ou. Chòk kiltirèl se yon bagay ki reyèl. Dènye bagay ou pa ta swete rive w se santi w mal alèz oubyen deranje moun ki gen yon kilti diferan avèk ou. Yon lòt fwa ankò, sof si w ta va pa gen tan ak enèji pou w aprann tout sa w ta dwe konnen sou yon kilti diferan, li preferab pou chèche yon destinasyon ki gen yon sètèn familyarite avèk kilti w, lè w ap vwayaje sèl pou yon premye fwa. 

2|Bati Yon Plan. 

Li tantan pou fè yon vwayaj pou kò w britsoukou, men sitou pou yon premye fwa, ou dwe fè yon plan ! Avèk yon plan byen panse, eksperyans vwayaj ou pral dewoule pi fasil e w ap pi konfyan tou. 

Fè yon plan detaye pou vwayaj ou a, ki jan w ap vwayaje, kèk aktivite w pral patisipe nan yo ak ki lè w ap retounen. Sa ap evite w pran kèk desizyon ekrazan san reflechi ak evite w fè kèk ti erè ki ka akouche kèk konsekans enpòtan. 

Plis ou vwayaje avèk yon plan byen defini, plis la fasil pou w desere rèn yo pwogresifman ak vwayaje plis espontaneman. 

Lòske w ap vwayaje premye fwa, pran tan pou w planifye chak aspè vwayaj la. Me kèk kesyon ki ka ede w demare : 

  • Konbyen kòb ou ka depanse ? 
  • Kòman w pral rive nan destinasyon an ? 
  • Ak kisa chak jou yo pral sanble? 
  • Èske w bezwen fè rezèvasyon pou kèk vizit ak kèk aktivite davans ? 
  • Konbyen jou w pral fè deyò ? 
  • Kòman w konte fè pou w jere manje w ? 
  • Ki kote antrepriz lokal yo ye ak zòn ou ta dwe konnen yo, tankou lopital, mache, ELT. ? 
  • Èske w pral bezwen sèvis blanchisri ? 
  • Kòman w ap deplase, èske se machin w ap lwe, tranpò piblik, elt. ? 
  • Kòman depans chak jou w yo pral ye pou manje, transpò ak ebèjman ? 

3| Pak Entelijan. 

Pwobabman ou p ap vle pote plizyè sak lou lòske se pou kò w w ap vwayaje. Enèji w ap pi byen depanse lè w enprenye w nan tout bagay ki eksitan yo ak nouvote ki antoure w yo. Ebyen pa pote twòp bagay, men asire w pote tout sa w reyèlman bezwen.  

Me kèk fason w ka pote plis limyè nan yon vwayaj solo san w pa neglije sa k nesesè yo : 

-Ale avèk rad ki polivalan, rad ou ka mete nan plizyè okazyon, tankou wòb ki ka kouvri avèk mayo moun benyen ak yon abiman sware fòmèl. 

  • Chwazi sèlman de bagay pou w mete nan pye w : youn pou w eksplore ak rete kanpe pandan jounen an ak yon lòt pou kèk eksperyans ki pi pèsonalize, tankou livre w nan vi nòktin nan oubyen pase jounen an nan plaj. 
  • Pran yon ti valiz ou ka pote nan do w, pou w mete eleman esansyèl ki plis itilize yo. 
  • Limite atik divètisman w ap pote yo. Paske w pral jwenn anpil bagay pou w fè nan destinasyon w lan. 
  • Transfere atik swen pèsonèl ak ijyèn yo nan ti sachè k ap ka kenbe jis ase pou vakans la olye w pote tout. 

4|Sekirite w avan tou. 

 Bagay ki pi enpòtan w dwe kenbe lè w ap vwayaje sèl yon premye fwa se toujou mete sekirite w avan tout bagay ! 

Itilize konsèy anba sa yo pou w asire sekirite w pandan w ap vwayaje pou kò w : 

  • Telefòn entelijan w dwe toujou nan men w pou w pase nenpòt apèl ak aksè WiFi. 
  • Etidye katografi destinasyon an pou w ka familyarize w avèk zòn nan pou w pa pèdi. 
  • Evite mache pou kò w lannuit kote w remake moun pa twò frekante. 
  • Pa janm di pèsonn ki kote w desann, ni pataje plan vwayaj ou. 
  • Anvizaje yon asirans vwayaj. 
  • Toujou mete sekirite w avan tout bagay lè w ap pran nenpòt desizyon. 
  • Pa janm aksèpte pran woulib nan men yon etranje, toujou itilize tranpò komen yo oubyen aplikasyon kovwatiraj etabli yo. 

SOUS: Cariviews.com, Worldpackers.com, Solotravelerworld.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.