Souple tann...

Uit Konsèy Pou W Siviv Lavi Ensilè A.

03 jen

Uit Konsèy Pou W Siviv Lavi Ensilè A. 

Èske w anvizaje pou w enstale sou zile yo nan Karayib la ? Se bon pou ou, ou pral adore sa eksperyans la. Men, kòm nan tout nouvèl vil, li pou w fè kèk rechèch avan w deplase. Alò, si w panse lavi ensilè a fèt pou ou, sa se uit konsèy pou w "SIVIV" lavi ensilè a. 

Annefè, siviv e pwospere nan Karayib la nesesite yon melanj adaptasyon, preparasyon e adezyon ak kilti lokal la. Me kèk konsèy pou w tire pi bon pati nan eksperyans ou : 

1| Adopte "Lè zile a" 

Konprann e apresye ritm lavi detandi nan Karayib la. Aprann fleksib avèk orè w ak atant ou yo e adopte ritm ki pi lan nan lavi ensilè a. 

2| Rete Idrate E Pwoteje W Kont Reyon Solèy La 

Solèy Karayib la kapab entans ! Rete idrate pandan w ap bwè anpil dlo e pwoteje w kont kout solèy la pandan w ap pote krèm solè, kèk chapo ak kèk rad leje. 

3| Aprann Koutim Ak Etikèt Lokal Yo 

Chak fwa w demenaje nan yon nouvèl andwa avèk yon kilti enkoni, li esansyèl pou w konnen koutim, tradisyon ak etikèt lokal yo pou w fè prèv respè. Sa enkli saliyasyon, koutim kilinè yo e konpòtman apwopriye nan espas piblik yo. 

4| Prepare W Pou Ouragan Yo 

Familyarize avèk pwosedi preparasyon ak evakyasyon yo. Avan kòmansman sezon ouragan yo, mete founiti esansyèl yo an kantite lakay ou, tankou aliman ki pa perisab yo, dlo, kèk pil ak kèk founiti premye sekou. 

Si w pa gen oken eksperyans konsènan tanpèt twopikal yo, efektye kèk rechèch oubyen pale avèk abitan yo sou zile a pou w ka dekouvri tout sa w dwe konnen pou w prepare w e rete an sekirite. 

5| Respèkte Anviwònman An 

Youn nan konsèy ki pi esansyèl pou lavi sou zile a se respèkte anviwònman natirèl la. Jete dechè yo korèkteman, evite andomaje resif koralyen yo ak lòt ekosistèm frajil e soutni inisyativ respèktye fas anviwònman an. 

6| Rete Konekte Epi Rete Nan Aktyalite A 

Rete okouran sou aktyalite lokal, sou kèk evènman ak kèk avi sekirite. 

7| Eksplore 

Pwofite mayifik anviwònman natirèl la pandan w ap rete aktif nan eksplore peyizaj la. Kit se nan randone, nan natatasyon oubyen kayak, genyen plizyè posibilite pou rete aktif e pwofite bote lavi ensilè a. 

8| Etabli Kèk Relasyon 

Kreye e antreteni kèk lyen avèk moun nan lokalite a, ak kèk lòt ekspatriye pou w kreye yon rezo e anrichi espas ensilè w. Rankontre kèk moun pandan w ap asiste kèk evènman kominotè, nan patisipe nan kèk aktivite benevola, asiste kèk aktivite kiltirèl pou w ka fè nouvèl rankont e apwofondi konpreyansyon w sou lavi ensilè a. 

SOUS: https://www.globalcitizensolutions.com/, https://thegreenhubonline.com/, https://fantaseajewelry.com/ 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou!