Souple tann...

Vakans pou Nouvèl Ane a nan Karayib la.

02 jan

Vakans pou Nouvèl Ane a nan Karayib la. 

Kòmansman yon nouvèl ane toujou pote nouvo kòmansman. Ki pi bon fason w ka selebre pase sa, lè w yon kote pa konnen byen pandan w ap viv kèk bagay ou pa t janm konn viv oparavan ? Si w vle pwofite anpil pandan ane k ap vini an, planifye vakans ou pou nouvèl ane nan Karayib la.

Anpil zile ap pwofite anpil sou peryòd pasyonan sa pandan ane a, kote y ap òganize defile ak kèk fèt, kote y ap deklentche fedatifis, regale yo nan manje ki delisye ki pwodwi nan lokalite a epi dans tout lannwit. Antoure w avèk anbyans dekontrakte ensilè yo nan reveyon pou nouvèl ane pandan w ap selebre menm jan ak Karayibeyen yo. 

Kontinye lekti a pou w ka konnen plis bagay sou kantite zile ki lanse yo pou nouvèl ane sa. 

Selebre nan Senbat 

Planifye vakans ou pou nouvèl ane a nan Senbat epi gen ra chans pou w esta ki pi cho nan mond la. Se vre, gen kèk nan pi gran non yo nan oliwoud ki te lanse nouvèl ane a sou zile dekontrakte a nan Karayib la, tankou Leanardo DiCaprio, Beyonce, Ellen DeGeneres, Prince avèk Rihanna.  

Senbat se kote sa ap pase pou reveyon nouvèl ane a. Kèk nan fèt pou nouvèl ane ki pi popilè yo òganize sou bato liksye. Sepandan, zile a gen plis bagay pou l ofri w nan plas rasanbleman anime yo. Vizite youn pami anpil restoran yo ki sèvi kèk manje ankwayab ak chanpay, oubyen pase vakans ou ap gade fedatifis nan plaj ki gen sab blan. 

Selebre nouvèl ane a nan Gran Kayiman 

Gran Kayiman se yon lòt kote enkwayab ankò pou w pase vakans ou pou nouvèl ane a. Plonje zòtèy ou nan sab selèb ki rele "Seven Mile Beach" la epi rezève yon tab nan youn nan kantite restoran yo ki gen yon bèl kote enprenab ou ka gade fedatifis yo. 

"Camana Bay" toujou genyen yon espektak fedatifis ki remakab, depi kòmanse 7 è nan aswè pou nouvèl ane a. Anplis, kote ki rele "Ritz Carlton" nan ap òganize yon sware restorasyon, dans avèk bwason nan bal maske yo a epi "The Crescent" òganize fèt anyèl li ki rele "No Resolutions".  

 Pase gade chit zonyon nan Bèmid 

 Menm jan nan Nouyòk gen yon chit ki rele "Big Apple". Zile twopikal Bèmid tou genyen "Onion drop", ki parèt pi lojik lè nou konnen zonyon se youn nan pi gwo kilti yo genyen. Chak reveyon nan nouvèl ane a, Bèmid yo depoze yon gwo zonyon ki fèt ak papye ki tòde ki dekore avèk limyè k ap briye nan tèt Otèl nan vil ki rele Senjòj la. Nan tout evennman tradisyonèl sa, genyen mizik, dans, bwason avèk anpil manje delisye. Pou kouwone tout sa, yon mayifik fedatifis ap swiv "Onion drop" la. Bèmid yo enkontounab si w ap chèche yon bagay ki familye e ki inik pou nouvèl ane a. 

"Junkanoo nan Bahamas" 

Depi nan 18 tyèm syèk, "Bahamas" toujou selebre finisman yon ane avèk kòmansman yon lòt ak defile ak kèk festivite palpitan yo rele "Junkanoo". 26 Desanm ak 1e Janvye, kèk mwa pou planifikasyon kostim, pratik dans, repetisyon mizikal ak anpil lòt bagay ankò yo mete nan aktivite "Junkanoo" parad la. 

Lanse nouvèl ane a nan Sen Kristòf. 

Senkit kòmanse pasyonan selebrasyon kanaval li a byen bonè avan lòt zile yo. Depi demen Nwèl la, ensilè yo reyini pou yo kreye yon defile epoustouflan ki akeyi yon nouvo depa. Peryòd festif sa pandan ane a, genyen fèt nan lari, dans, mizik, teyat, kèk espektak avèk kèk konpetisyon. 

Fedatifis nouvèl an nan zile Vyèj ameriken yo. 

Fèt la pa kanpe nan zile Vyèj ameriken yo. Chwazi destinasyon twopikal sa pou w pase vakans ou pou nouvèl ane a epi w ap jwenn souvni k ap dire pou tout lavi w. Festivite yo kòmanse premye Samdi nan mwa Desanm nan e yo fini premye Samdi nan mwa Janvye. Asiste kèk konkou kalypso, kèk defile nan lari ak parad bato nan Senkwa, ki mete kòm vedèt kèk veyikil maren sou tout fòm ak gwosè ki dekore avèk limyè ak dekorasyon nwèl. Pou fini, pa rate fedatifis pou nouvèl ane a 

 

SOUS: Wimco.com, Travelonly.com, Tripsavvy.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.