Souple tann...

Moun ki renmen avanti yo kontinye ap debake anpil nan Karayib la.

19 out

Moun ki renmen avanti yo kontinye ap debake anpil nan Karayib la. 

Eske w pa genyen yon eksperyans fasinan w ta renmen viv, yon eksperyans w ap karese sa gen longan ? Pa chèche pi lwen, vin vizite youn nan bèl zile yo nan Karayib la. A avantirye yo nan tout mond la vire tounen ap debake nan zòn enkwayab sa yo paske y ap chèche lòt plezi ki pi eksitan. Pwomennen bò vòlkan ki toujou an aktivite yo, vini pi pre yon anviwonnman kote ki gen anpil bèt ki ra anpil, plonje nan kèk rivyè ki twouve yo bò forè twopikal kote dlo a ap koule rapid epi kreye kèk souvni k ap rete inoublyab pou ou. 

Kontinye li atik sa pou w dekouvri sa kèk nan pi bon destinasyon yo nan Karayib la genyen pou ofri eksploratè ki trè avantirye yo! 

Potoriko 

Potoriko genyen kèk nan avanti ki pi enkwayab yo nan tout mond la. Kèk tiwolyèn ki sanble p ap janm fini, yon forè ki twopikal e ki imid, kèk dlo biyoliminesan, kek resif koralyen ak anpil lòt bagay ankò pou bay touris anvi vin vizite zòn sa pandan tout ane a. 

Vole nan direksyon syèl la sou youn nan tiwolyèn ki pi long nan Karayib la. Bèt la, se yon tiwolyèn pak avanti natirèl ki rele Toro verde a pwopoze. Se yon vwayaj ki mezire 4745 pye (13 teren Foutbòl), 850 pye anlè ki travèse plizyè forè ki chaje ak anpil pyebwa ak anpil bèt ki soti nan ras diferan. 

Pwomennen nan refij fonik nasyonal Vyèk la ak forè twopikal d'El Yunque a pou w ka gade kèk kreyati ou p ap jwenn tout kote, tankou Boa pòtoriken an, igwàn vè yo, balèn ble, chov souri, mangous ak anpil lòt ankò. Pi byen ankò, fè yon balad sou VTT nan forè twopikal la, ki pral kite ni ou menm, ni fanmiy ou kouvri ak labou ! 

Surf la se youn nan aktivite espòtif ki popilè nan dlo pòtoriken yo, li ideyal pou moun k ap fenk kòmanse ak sa k ki abitye deja. Oubyen vizite youn nan twa dlo biyoliminesan pou w ka wè aparans yon lòt mond ki se rezilta plankton ekstraòdinè ki nan dlo a. Gen ekskisyon nan kayak ki disponib tou. W ap sèlman bezwen karese pagè w nan dlo a jis pou w bay li lavi ak yon limyè Turquoise. 

Dominik 

Dominik se yon kote ki cho pou kanyonin ekstrèm. Isi a, w ap ka grenpe epi desann nan kèk kaskad ak falèz, k ap pèmèt eksperyans la inoublyab. Dominik genyen plis pase 5 vòlkan ki aktif ki pote yon faktè risk fasinan pou tout avanti sou zile sila. San n pa bliye genyen plis pase 300 mil santye pou randone, kote gen youn nan yo ki debouche sou yon lak k ap bouyi. Ak yon nivo mwayen ki rive nan 198 degre, ou ka wè vapè k ap soti nan dlo a avan l rive arebò dlo a. Menmjan ak yon bann lòt kote nan Karayib la, w ap ka plonje tou nan lanmè pou w jwi kèk opòtinite enkwayab, kote w ap ka wè pwason, pèwokè, ipokanp, kak barakouda, kèk rè pastenag, elatriye. Sa pa genyen kenn dout ladann, amatè nan kesyon avanti yo ap rive pi satisfè sou zile ki rele Dominik la. 

Sen-Kristὸf 

Ki sa ki pi eksitan pase yon pwomnad bò yon vòlkan ak kèk rankont rapwoche ak makak nan yon forè twopikal ? 

W ap ka jwenn ekskisyon nan tiwolyèn bò kote forè twopikal la sou zile Saint-Kitts. Pwomennen apye nan peyizaj liksziryan pou w ka gade pi pre kèk nan 98 000 makak k ap viv isi a l. Yo plis pase kantite moun k ap viv sou zile ki se anviwon 50 000 moun. 

Eskalade mòn ki rele Liamuiga pou yon defi ak kèk sansasyon ki fò lè w ap pwoche bò kote vòlkan k ap dòmi yo. Isi a, amatè yo nan avanti ap rive dekouvri youn nan bèl raga panoramik ki pi epoustouflan nan Karayib la. 

Zile Kayiman 

Zile kayiman genyen ladann kèk nan pi gwo opòtinite pou amatè nan kesyon avanti anba lanmè. Plonje tèt ou pou yon premye fwa nan kèk dlo ki gen yon ton jwayo pou w ka wè kèk rè ki gen koulè ajante, kèk pwason zanj ak kèk pwason lyon flwid, kèk mewou masif ak kèk tòti nan lanmè ki lan an. 

Si ansanm bèt yo k ap viv sou zile sila a pa fè kè w bat, petèt yon ekskisyon plonje san w pa respire pou yon ti tan nan epav ki rele Kali a rive fè l. Nan ane 1940 yo, yon kago ki te chaje ak sak diri te koule nan lanmè Karayib la, yon kote ki rele "George Town". Ogmante vitès la ak yon wonn kous kouri nan vag yo ki gen kat tan! W ap genyen pou w pase nan yon distans ki rive 7 mil bò plaj la epi w ap gen pou w fon kanpe pou w fè yon lòt plonje ak "Tuba". Apre sa, monte ankò sou "Wave runner" pou w ka retounen nan baz la, ak lanmè sale a k ap eklate bò kote w ak van an ka p kale cheve w. 

Jamayik 

Kèk balad sou cheval bò lanmè, ekskisyon ak "buggy" kote sab yo parèt tankou eskalye, ou p ap manke yon moman palpitan sou zile ki rele Jamayik la. Yon vwayaj nan destinasyon twopikal p ap janm konplè si w pa vizite chit ki rele YS. Kaptire kèk moman memorab nan kaskad sila a ki gen 7 nivo. La, w ap ka naje arebò kaskad la oubyen nan tib sou rivyè lyezon an. Apre sa, si w anvi gen plis sansasyon ki trè fò nan kaskad, dirije tèt ou nan "Dunn's river" oubyen w ka grenpe pi wo kèk lòt chit ki epoustouflan. 

Gwòt yo ki twouve yo nan zòn "Green Grotto" yo enkontounab. Vwayaje anba tè pou w ka wè yon nouvo mond ak yon sistèm 40 pye pwofondè ak 5000 pye nan longè ak kèk estalaktit ak estalagmit ak yon lak anba tè a ki enkwayab. 

Pou nou fini, pa bliye pou w fè tibin sou youn nan 100 rivyè ki travèsè forè twopikal la jamayiken an. Peyizaj la arebò rivyè yo pa ka obsève lòt fason. Zile Jamayik la genyen tout sa yon moun k ap chèche avanti ka mande. 

 

SOUS: Travelchannel.com, Smarttravel.com, Wanderingourworld.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.