Konsèy pou ajan yo pou vann anons ki gen liks.
Èske w vle patisipe nan pwopriyete de liks ? Li sanble ke se menm ajan yo ki toujou jwenn anons de liks yo ? ebyen, nou pa blame w ditou. Non sèlman li rapὸte gwo pri ak komisyon, men yo ka pi fasil pou vann. Me kèk nan konsèy prefere pou vann anons de liks e genyen pati ke w merite nan mache a.
Kisa ki yon anons de liks ?
Yon anons de liks se yon pwopriyete ki odesi de tout sa yo ke w ap vann. Anons sa yo an jeneral genyen yon finisyon wololoy, yon konsepsyon achitektiral ak yon santiman elegans an jeneral. Sa nou pa bliye ke yo konstitiye tou yon ti pati nan lis rejyon an.
Kiyès ki kliyan anons de liks?
Se moun k ap enfliyanse rès mond lan yon fason ou yon lὸt. Yo okipe ap chèche efikasite. Epitou y ap chèche yon stil de vi. Se travay ou pou trouve stil de vi ke yo dezire. E lè w ap vann yon kliyan de liks, ou dwe konsantre w sou dezi li pito sou sa l bezwen.
Pa konsekan, se yon bonis pou w konnen kisa kliyan w lan fè ak tan li. Ke yo reveye pou fè Yoga chak maten oubyen ke yo bezwen yon teren pou yon pis aterisaj avyon prive, travay ajan an se pou l bay detay sa yo.
Konsèy pou vann anons de liks.
Si w pa santi w nan kategori mache anons de liks, ou pa sèl. Laplipa ajan de liks yo pat demare ak richès ki pèmèt yo jwe sou mache a. Men nou menm nou di : « Fè sanblan jiskaske w rive ». Anplis, konsèy ki pi enpὸtan pou mete konesans ak efὸ nan imobilye nan arèn anons de liks la se pozisyone w. E me konsèy pratik sou fason pou fè l.
- Amelyorejwèt maketin ou : pou atire rich yo, ou dwe parèt rich. Abiye pyès yo e itilize pwodwi maketin byen fèt k ape de w antre nan domèn yo. Ou dwe pwomouvwa liks nan tout sa w ap fè, de sa ke w ap mete sou rezo sosyo yo ak mak pèsonèl ou. Fè liks la yon pati nan tout sa w konnen sou mache imobilye ak lwazi.
- Konsantrew sou Foto w yo, videyo ak vizit vityèl : pa bliye ke rich yo okipe anpil e vle yon apèsi rapid e detaye anvan menm li kὸmanse li sou propriyete a. Lè w jwenn yon anons de liks, ou dwe prezante pi byen ke posib. Nan ka sa, li enpὸtan anpil pou rele yon fotograf/videyograf pwofesyonèl.
- Familyarizew ak jagon an : laplipa gwo kliyan yo gen preyokipasyon imobilye diferan de achtè mwayen an. Pito pou fè apèl tèm tankou « ekonomize lajan » proksimite distri skolè » etc. eseye lὸt mo. Pa egzanp, rich yo an jeneral pale de planifikasyon patrimonyal, konfidansyalite byen yo ak konsekans fiskal. Chèche tèm sa yo ak plis ankὸ sou mache imobilye wo gàm nan e konnen dosye w.
- Twouveenfliyansè lokal yo: Yo konnen zile Karayib yo pou trafik selebrite ki genyen. Li pa difisil pou konnen ki kote yo viv, jwe elatriye. Idantifye zὸn sa yo e etidye mache a. Aprann konnen kominote sa yo e konsantre w sou vant kèk pwopriyete laba a. Ansuit, ofi e a mezi ke w ap fè non w, ou ka angaje konvèsasyon ak selebrite e enfliyansè yo lὸske w konnen ke gwo pyès de liks yo repètorye.
- Enplikew nan saw jije ki enpὸtan : si yon gwoup spesifik selebrite wè w nan chak evènman, bay tan w a yon ὸganis byenfezans ki enpὸtan pou li ! konnya w kreye yon opὸtinite konvèsasyon e ede ak yon ὸganis byenfezans.
- Lèw paka bat yyo, rejwenn yo : a kisa rich lokal yo sèvi ? Èske yo kite tout zile yo pou ale skye nan livè ? Petèt ke zile kote ki gen gὸlf yo se yo ki rasanble yo tout. Soti nan zannimo de konpayi, pase nan la ak spὸ, dekouvri pastan rich yo ak selebrite yo. Ansuit, ou dwe ou tou pratike yonn nan pastan sa yo nan rejyon ou, nan lespwa pou tonbe sou yon enfliyansè ke w swete genyen kὸm pwochen kliyan w.
- Trouvekay ki ekspire sou mache imobilye yo: Si yon kay ekspire sou mache a, chèche l e gade si w ka prezante yon lὸt enklinezon sou kay la. Dekouvri sa ki fonksyone ak sa ki pa t fonksyone. Chanje l, epi prezante lὸt lide tou nèf pou pwopriyetè a.
Pou fini, sa ap ede w si w sonje ke yon anons de liks pran plis tan ak pasyans de yonn mwen chè. Kontinye, kontinye toujouaprann plis bagay sou rejyon an, anons e mache anons de liks yo.
SOUS: forbes.com, theclose.com, moving.com