Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
14 fev
Anpil felisitasyon pou nou ! Ou pare pou vakans nan nan Karayib la e ou chwazi yon andwa enkwayab. Zile Aruba vante tèt « One Happy Island », kote w ka jwenn yon « Happy Place ». E li fasil pou ale Aruba, pandan w ap santi w a dè milyon de kilomèt.
Yon zile wayὸm peyi ba, Yo konnen Aruba tou sou non A nan zile ABC, menm jan ak Bonè e Kiraso. Me kèk bagay ou ka familyarize w byen rapid ak yo anvan w deside ki kote pou w vizite nan Aruba.
Ak mwens palpitasyon nan Karayib la, ou pa p ka twonpe w lè w planifye vakans repozan anba solèy Aruba. Genyen bagay pou kè vwayajè yo kontan sou zile erez la ak 31 km plaj, sab blan li ak vi sou oseyan. E si se plezi ak avanti w ap chèche, Aruba genyen l tou.
Pwofite de kilti ak Ar, mèvèy natirèl, plaj ak krik nan Aruba ap anpil bagay ankὸ.
A ak Kilti
Nan "Sunrise City", vakansye yon kontan wè vil kotyè sa ak ri yo ki kolore, galri ak sèn atistik florisant. Konplete a ak son kalipso ak tanbou an asye pandan fèstival Bon Bini chak semenn. Danse e selebre tout lannuit ak senpatik abitan Aruba yo
Me kèk kote pou note pou A ak kilti:
Mèvèy natirèl
Chaje mèvèy natirèl nan bèl ti zile sa. Vizitè yo ka monte Hooliberg Hill jis o somè montay volkanik yo nan Aruba.
Asire w ansuit ke w rete nan pak nasyonal Arikok pou plaj yo, dezè, falèz kalkè, kaktis, gwὸt Fontein ak pisin natirèl.
Epi tou pa bliye Bubali Bird Sanctuary Aruba pou obsève zwazo.
Plaj e krik
Li pa nesesè pou prezante vwayajè yo potansyèl mayifik plaj Aruba yo. Se yon senp done. Men laverite ki nan plaj yo se yon bagay pou w ta wè.
Vakansye yo renmen plaj yo tou, konplèks de liks, spὸ notik, krik izole, Eagle Beach, plonje an apne nan resif yo e menm nan fon Mangel Halto.
Alafwa vil pὸtyè e kapital, Oranjestad plen efèvesans. Fè shopping jiskaske w fatige e asire w ke w konnen itinerè tram nan pou yon vizit konfὸtab. Nan kapital Aruba, ou ka vizite tou fèm papiyon, mize, teren gὸlf, la marina, sit istorik elatriye.
Ansuit antre nan vi noktin yo, restoran, kafe, club, kazino ak salon
Asiste a yon spektak nan Cas di Cultura ki se teyat nasyonal Aruba. E vizite mize ak izin aloe nan plantasyon Hato.
Lòr rejyon pou vizite nan Aruba se :
Kèlke swa kote chwazi, tout moun ka amize yo nan Aruba. E silvouplè pa bliye eseye yon bouche nan pla nasyonal Aruba ki se Keshi Yena. Ou pra l nan paradi fwomaj.
Lè w ap vwayaje nan Aruba, asire w ke w verifye egzijans COVID-19 ki a jouu, paske yo chanje souvan. Pou konnya vizitè yo dwe fè yon tès molekilè COVID-19 de jou avan yo ale sou zile a.
Vwayaje an tout sekirite e panse tou a sekirite lòt yo. pa bliye obsève tout distans sosyal, mas ak pwotokòl sante pou asire sekirite tout zile a ak tout vizitè yo.
SOUS: aruba.com, tripadvisor.com, traveler.marriott.com