Souple tann...

Aruba

25 nov

Aruba

 Foto: Koutwazi @kirstenprins

Li mezire sèlman 70 kilomèt kare, Aruba se yon ti zile dore k ap layi kò l nan chalè a nan sid Karayib la. Men tou, se pa bèl  solèy cho, lanmè tou ble ak bèl sab blan ki fè Aruba  klere; se rezilta melanj katrevendis ( 90)  nasyon diferan pami plis pase sandimil ( 110  000 ) moun ki ap viv ak kè kontan, san pwoblèm  ansanm.

 

Moun k ap viv Aruba yo gen repitasyon bon moun , yo gen bonjan epi yo rantre anba zèl yo moun  ki vin viv pami yo, tout chalè ak bon mannyè sa yo fè yo bay Aruba ti non gate  «zile kè kontan».


Koutwazi: @ron4

Anplis repitasyon "kè kontan" Aruba a, bote li ak richès san parèy zile a soti nan listwa, achitekti , mizik, lakilti, boza, atizana ak  bijou epitou festival Carrubie ki fèt chak semenn.

Soti nan ansyen ansyen rasin endyen Caquetio, pran dominasyon panyòl ak Olandè  pase pran aktyèl pozisyon li antanke peyi ki fè pati Peyiba , listwa Aruba se bagay ki gen plis pase san ( 100 )  lanne.  (aruba.com).

Jiskounya nou kapab toujou wè desen wòch ak eskilti ki te kreye pa Caquetios yo nan gwòt Fontein nan pak nasyonal Arikok ak nan Fòmasyon Rock Ayo. Modèl san parèy yo ak desen yo kontinye enfliyanse atizan Aruba yo, achitekti, lajan, twal, ak bijou tou . Ou ka  menm twouve yo sou mayo!

 

Bèl achitekti Olandè ki  plen limyè ak koulè ajoute yon ti touch pozitif a boza Aruba yo.


Foto: Koutwazi @ksd115

Mizik Aruba a se yon melanj enfliyans mizik lemonn antye makonnen ak pwòp rit , estil lakay.

 Ou twouve tout fòm ekspresyon nan sèn atistik Aruba yo (aruba.com), sòti nan enstalasyon boza piblik ale nan pwojè ki sou mi  ke moun nan lokalite yo ak vizitè yo renmen admire .

Boza orijinal Aruba tout kote nan magazen ak nan fwa nan lari, ni atizana ak bijou kifèt alamen.

Kolye pèl yo popilè, epi fason inik yo fè  atizana ak bijou yo ajoute yon kouch bote e yon enpòtans a kilti  Aruba.

Chak jedi swa se Festival Carrubian ki te fèt nan San Nicolas (ke yo rele tou "Sunrise City" vil kote solèy leve). Mizik, kostim, manje, ak danse nan lari yo makonnen moun ki ap viv Aruba yo ak vizitè yo nan yon bèl selebrasyon eritaj kiltirèl Aruba a nan kè kontan.

Sous:
aruba.com
carnifest.com


Kontak