Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
14 jen
Vizitè vilaj ak plaj yo pral kontan pou paradi sila nan Karayib la. E si espò notik ak plonje se pas tan'w, Bayahibe Kapab lye vakans ou. Men kèk lis bagay ke moun ki vin nan vakans yo renmen nan Bayahibe.
Plaj ak vilaj playa Bayahibe
Vilaj Bayahibe la toujou kalm pandan jounen pandan ke vizitè yo ale anpil bὸ plaj yo ak zile yo. E kiyès ki pa tap fè l? Plaj yo tèlman bèl nan zòn nan. Menm lè l lajounen tanmen fè plas pou lannwit, ba, kafe ak restoran yo ouvri.
Zile Saona ak Catalina.
Zile sa yo ofri eksperyans plonje pou moun ki abitye e plonje an apne pou sa ki pi fò yo. Kelkeswa, li ofri plaj blan pou yon jounen pou amizman.
Pèch ak vwalye
Pou pechè ak moun ki nan bato, genyen barracudas, vwalye ak maren pou kenbe. Ou ka menm lwe yon bato pou jounen an pou ekplore ou menm. E si lapèch pa enteresew, ou ka toujou degiste pwason fre ke pechè lokal yo pote chak jou
Plonje e snorkeling
Pou jwi plonje a byen, vizite resif koralyen epav yo. obsève rtwal lanmè, rè, manta ak sèch pandan ke y ap naje nan epav Naufragio del Capitan Kidd nan Catalina. E asire w ke w jwenn mize anban lanmè ak lὸt epav yo.
Nan Saona, vakansye yo ap dekouvri fὸn egzotik pak nasyonal lès la ak bèl plaj ki vin tounen pwen cho rejyon an.
Rivière Chavon
Plizyè sikwi diferan ap pèmèt ou fè yon balad an dousè oubyen pwofite de yon jounen an plenè andeyὸ plaj yo. aprann istwa ak pwen cho yo pandan w ap degiste kὸktèl ak mizik Karayib la. Ou ka menm gen chans eksplore fèm jeng la pou aprann plis sou fὸn nan ak endye tayino yo.
Lὸt opὸtinite
Pou selebre gran espas yo, pa bliye fè yon kanpe nan Parque National Cotubanama, yon pak nasyonal ki pwopoze randone ak eksperyans maren. Oubyen pwonmennen nan wozrè Bayahibe ki plen ak flè nasyonal : Woz Bayahibe
Genyen anpil kote pou eksplore nan vil Bayahibe. Men si w grangou, kisa ki gen pou manje ?
Delis kilinè nan Bayahibe
Dine jan w pito nan Bayahibe. Si w renmen gou sikre ak fwi fre, genyen mayifik fwi asosye ak fwi de mè frebyen gou ke w ap chwazi. E si kizin entènasyonal ou vle, eseye kizin fransèz, kanadyèn ou italyèn isit lal nan Bayahibe.
E si w santi bouch ou ap fè dlo jis paske w ap li tèks sa, fè yon ti gade lis restoran sa yo ke Bayahibibe.info rekὸmande.
Kayifi ankouraje tout vakansye eseye yon sejou nan fabile Bayahibe, nan Repiblik Dominikèn. E lὸske w retounen lakay ou, asire w ke w rakonte a tout zanmi w yo bèl eksperyans ke w sot viv nan Karayib la.
SOUS:
www.visitdominicanrepublic.org, dodominicanrepublic.com, Bayahibe.info