Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
24 jan
Foto: Koutwazi twenty20photos
Pi bèl plaj yo ki nan Karayib la konsidere kòm pi bèl plaj nan mond lan. Kalite dlo ak sab yo ,bèl sab ki nan yo, ak yon solèy ekstrawòdinè lakoz moun sòti tout kote nan mond lan pou vizite yo. Yon seri de plaj ki sanble ak mèvèy tèlman yo bèl pèmèt anpil moun viv yon seri eksperyans kè kontan yo poko te janm viv .
Bote plaj ki nan Karayib la pa rezime Sèlman nan bèl dlo, gen anpil lòt bèl bagay nou ka konsidere kòm richès tankou : Pwason bèl koulè, koray, ak anpil lòt bèl kreyati nan dlo. Gen lòt kote I pi bèl nou ka dekouvri anba dlo a men fò nou ta itilize yon aparèy ki rele tib.
Plonje an apne a aksesib, senp e se yon mwayen fòmidab pou dekouvri bote natirèl karayib la" (caribjournal.com). Li pa enposib pou w plonje anba dlo a san w pa gen aparèy la, anpil bèl plaj nan Karayib yo ba w posiblite pou w ka antre nan yo san aparèy yo rele tib la, ou pa oblije monte nan yon kannòt pou w fè pakou sa yo akoz menm lè w nan dlo a gen mwayen ou ka itilize (caribjournal.com). E n ap tou pwofite prezante kèk bèl kote nan Karayib la nan koze bèl plaj :
Bonè
Bonè se yon zile kote tout sa w ap fè gen rapò ak lanmè e sitou li gen yon bèl pak nan lanmè a ki rele STINAPA ki jwenn bon trètman, se yon kote referans nan zafè naje san tib nan Karayib la., menm si w ta nan yon konplèks de liks tankou Harbour Village ou ultra-cool Delfins Beach Resort. (caribjournal.com). Pa gen yon kote nan Karayib la w ap twouve pi bèl espas lanmè pase li. Nou di tou, ou kapab kanpe nenpòt kote nan wout la epi w ap twouve yon kote kanmenm w ap anvi vizite (caribjournal.com).
Anntigwa Babouda
Se yon kote ki gen anpil bèl espas pou w naje e anpil moun pa rive konnen, se yon sekrè byen gade (caribjournal.com). Anntigwa li menm se yon ti kote ki rich nan zafè plaj e tout moun pa konnen. Ak 365 plaj ke w ka chwazi pami yo, w ap pi vit wè konbyen lòt yo pa pale de yo akoz kote yo sitiye ak lot bagay e plaj sa yo gen anpil plant ak zannimo anba yo (caribjournal.com. selon Caribbean Journal, meyè otèl plonje nan zile a se St James's Club, ese yonn nan meyè konplèks plonje nan rejyon an (caribjournal.com).
Sent Lisi
Yonn nan mwayen pouw rete anba dlo san tib pouw respire nan zòn Sent Lisi se dlo anba pye piton yo jis akote plaj ki rele sugar Beach la. Me yonn nan sit ki pi enkwayab nan tout Karayib la. Ke w ap flannen nan dlo ki nan patrimwàn mondyal UNESCO ke w ap plonje nan resif Anse Chastanet, w ap jwenn bèl dlo Kristal ak anpil espès pwason. w ap jwenn tou yon stasyon balneyè." (caribjournal.com).
Sen Jan
Le w vle rete nan dlo san aparèy nan Sen Jan, ou benefisye avantaj pak nasyonal zile vyèj yo paske anpil pati nan zile sa yo twouve yo nan Sen Jan. Plis pase 40 pou san nan pak sa twouve l anba dlo, ou kapab rankontre anpil dlo Kristal ak anpil lòt gwo espès nan lanmè tankou tòti lanmè vèt nan bè Maho ak eponj nan bè Francis. Menm anba dlo a, ou kapab swiv wout ki Mennen ou nan pati lwès Trunk Bay Cay nan yon pwofondè 300 pye. (stjohn-beachguide.com).
Matinik
Matinik bay anpil avantaj ak moun ki fenk kòmanse rete anba dlo san tib yo e ni moun ki abitye yo. Yon bèl lanmè ak anpil bèl kreyati maren deja dispoze tankou pwason lwon, Gwoden volan san nou pa bliye anpil tòti lanmè sitou nan dlo ki fèt pou w rete anba dlo san tib nan lans Dale. (caribjournal.com).
Saba
Saba pa Sèlman kòmande Karayib la nan domèn nan, ,depi lontan li se paradi pou gran najè yo, men zile sa gen yon pak nan lanmè a ak yon bèl estrikti pou w rete anba dlo san aparèy caribjournal.com). Depi w patisipe nan vwayaj nan Saba, wap jwenn rekonpans kote anpil moun ap wè w , e w ap gen posiblite pouw kapab dekouvri reken , rè ak anpil pwason twopikal. caribjournal.com).
Pou nou fini, nou kapab di vwayaje anba dlo ofri anpil avantaj tankou dekouvri anpil mèvèy ,gade riches ki gen anba lanmè nan zantiy la.
Sous:
caribjournal.com
stjohn-beachguide.com