Souple tann...

Kijan w ka Achte yon Kay nan yon Mache ki Trè Mouvmante, dezyèm pati.

18 avr

 

Foto: Koutwazi twenty20photos 

Kijan w ka Achte yon Kay nan yon Mache ki T Mouvmante, dezyèm pati. 

Nan yon mache kote tranzaksyon yo ap fèt cho cho, kote moun k ap vann nan gen anpil avantaj, pwosesis pou rive vann yon kay ka bay perèz e dekourajan tou. Poutan, si w rantre sou yon mache ak tout afè w nan lòd ak panse w yo byen planifye, w ap ka aji ak anpil konfyans e w ap ka pran anpil desizyon  byen rapid, sa ki pral ba w yon avantaj pandan konkirans la pa piti ditou. 

Achte yon kay nan yon mache mouvmante, premye pati a te pale sou enpòtans pou w konprann metòd kòman acha yo fèt  alavans tankou konesans jagon imobilye a. Men, konnen poukisa w dwe fè yon lis, konnen nivo kredi bankè w, jwenn yon apwobasyon byen bonè ak genyen yon bidjè se kèk lòt detay nan pwosesis la ki esansyèl ou dwe konnen e w dwe fè  avan w rantre sou yon mache vann kay nan mitan anpil konkirans. 

Konnen Poukisa ? 

Avan w chèche yon kay, ou dwe konnen poukisa w vle achte l. Poukisa w ta renmen achte yon kay nan moman an? Eske se kay w ap reve depi lontan an w ap chèche? Eske se yon pi gwo kay ou bezwen? Eske w vle redwi sou kantite moun nan antouraj ou ? Eske w ta renmen yon pi bon kote pou zafè lekòl ? Eske se akoz yon travay ou anvi chanje zòn ? Eske se pou w pi byen jere bidjè w ? Eske w ta renmen viv nan yon katye kote w ka plis mache apye ? elatriye. Ebyen, konnen poukisa w ta renmen achte yon lòt kay se premye etap ki mande w anpil analiz, poukisa w chwazi achte ak kèk lòt detay ankò pa ka neglije ditou. 

Fè yon Lis. 

Depi w fin konnen poukisa, pwochèn etap la se fè yon lis. Li enpòtan pou w konnen pa genyen kay k ap janm 100% jan w vle l la. "Danielle Hale" ki se yon chèf nan ekonomi nan antrepriz "Realtor.com", bay kòm konsèy, avan w kòmanse chèche kay la, ou dwe ekri yon kote "sa w dwe genyen" ak sa ki "bon ou dwe genyen" (cnbc.com). Sa yo dwe nan tèt lis w ap drese a e yo dwe ka reponn ak "poukisa" w la. Nan fason sa w ap ka deside w byen vit e w ap konnen  sa w pare ak sa w pa pare pou w fè (cnbc.com). Lè sa w p ap pèdi tan pou granmesi, sa ka fè diferans ant genyen kay la ak pèdi nan avantaj yon lòt moun ki te reponn pi vit. Drese yon lis nan lòd priyorite yo ka ede w tou nan yon vant k ap fèt pou moun ki rive ofri plis kòb la, l ap fasil pou w genyen nan yon mache kote konkirans la wo anpil. (cnbc.com). 

Jere Dèt ou yo. 

Moun ki gen abitid prete moun lajan lè y ap achte yon byen, pral egzamine nivo andètman w , ki se montan dèt ou pral genyen an parapò ak sa w ap rantre, lè yo fin detèmine egzakteman montan kòb yo pare pou yo prete w la. (cnbc.com) 

Li nan enterè w pou w bat pou w jere dèt ou deja genyen yo avan w kòmanse chèche yon Kay. Panse pou w itilize lajan bonis ou pito ou kèk kado yo fè w an espès, sa vle di lajan pou w ranbouse yo. (cnbc.com) 

Oubyen pase men w ankò nan bidjè depans ou chak mwa pou w eseye redwi kèk depans, pou w jwenn plis lajan pou w sere yon kote pou w redwi dèt ou yo. Men si w pa genyen kenn dèt, depoze lajan sou kanè w anplis sa w konn abitye ekonomize pou ede w jere ekonomi w davantaj. ( cnbc.com). 

Aprann Konnen Nivo Kredi w. 

Nivo kredi w jwe yon wòl enpòtan nan fason w detèmine pou w jwenn kredi a ak montan w anvizaje a. Sa gen yon enpak tou, sou nivo enterè yo pral pran sou ou pou prè a. (cnbc.com). Verifye nivo kredi w dabò pou w wè si w pa gen kèk modifikasyon w dwe pote nan fason w itilize kat kredi w, ou redwi pousantaj kredi w nan kat kredi endividyèl ou yo, paske gen anpil ekspè nan kesyon kredi ki konseye moun kenbe yon nivo pousantaj kredi ki fiks. 

Si pousantaj kredi w pi ba pase 30 % omwen, se yon bon bagay pou ou dapre (nerdwallet.com). Toujou mande yon kopi rapò sòlvabilite w nan kèk sosyete tankou "Equifax, experian ou TransUnion", pou w ka verifye erè yo ak fakti ki pa peye e ki ka afekte nivo kredibilite pou w jwenn kredi. 

Jwenn Apwobasyon Avan 

Kominike ak yon moun ki abitye prete moun lajan ak enterè pou achte byen prese prese, pou w dekouvri sa l rekòmande w jis pou w ka gentan jwenn yon dokiman nan men l ki di w pa lwen jwenn prè a. Lè w gen yon dokiman nan men w ki di egzakteman men ki montan w ap ka jwenn pou w reponn ak depans ou prevwa fè yo, sa ap gentan fè moun ou deside achte nan men l la wè w se yon achtè non sèlman ki serye men ki legal tou. Moun k ap prete moun lajan ak enterè yo pou achte kay, toujou ap chèche yon moun ki anvi prete lajan kote lè w mete andanm sa l dwe peye pou lojman an ak dèt la pa depase 43 % kòb y ap touche chak mwa a (thebalance.com). Men, li enpòtan pou w sonje, se pa paske bank la dakò prete w yon kantite kòb, ou dwe depanse tout kòb sa pou w achte yon Kay. 

Ou Dwe Gen Yon Bidjè. 

Analize depans ou prevwa pou chak mwa, pou w ka wè kantite kòb ou ka ranbouse chak mwa. Yon direktif estanda konseye w deja pou depans ou pa depase plis pase 30 % revni w chak mwa. Men w dwe prepare yon plan reyalis e konfòtab pou tèt ou k ap pèmèt ou fè ekonomi, pou w jwenn lajan pou w depanse sitou lè w gen yon ijans elatriye. Mete nan tèt ou, toutotan w pa rive fin peye nèt yon nivo enterè w genyen, nenpòt lè nivo a ka ogmante e sa pral ogmante tou nivo kòb ou dwe bay kòm vèsman sou kòb yo te prete w pou w achte kay la. Depi w vin etabli yon bidjè fè tout sa k depann ou pou w respekte l. Lè w gen dèt ki ka ogmante sou ou si w pa regle l nan lè, pa janm fè erè al depanse plis pase sa w pa t dwe depanse. Paske m pa kwè w anvi al tonbe nan yon povrete ekstrèm. Kote w p ap menm ka ranbouse dèt ou yo ditou. 

Rezime 

Aprann poukisa w vle yon bagay, prepare yon lis, jere dèt ou byen, konnen nan ki nivo kredi w ye, jwenn yon apwobasyon avan w achte kay la byen bonè ak genyen yon bidjè avan w rantre nan yon mache lojman trankil pandan w pare pou w genyen. 

Sous :  

cnbc.com 

nerdwallet.com 

thebalance.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.