Lis Verifikasyon Pou Vizite Yon Kay Pou Achtè Yo
06 Jan
Souple tann...
19 sep
Vann pwòp kay ou se yon desizyon ki enpòtan. Pwosesis la ka konplike, sitou si se premyè fwa w pral fè sa. Youn nan premye kesyon w ka poze tèt ou, eske yon jounen pòt louvri p ap yon gaspiyaj tan ak jefò. Blòg sila pral diskite sou avantaj ak enkonvenyan yo lè w òganize yon jounen pòt louvri pou w vann pwòp kay ou. Kontinye lekti a pou w wè si yon jounen pòt louvri se yon k ap pwofitab pou w rive vann pwòp kay ou.
Pou kòmanse, kisa yon jounen pòt louvri ye?
Jounen pòt louvri yo se yon seri dat ak lè ki fikse kote achtè potansyèl yo ka vin vizite yon kay mèt li chwazi vann. Nan anpil ka li toujou fikse nan wikenn nan sitou nan apre midi. Vizit lib sa yo ka dire yon ti tan e jeneralman se vandè a menm oubyen ajan imobilye vandè a angaje a ki toujou òganize li.
Anplis, jounen pòt louvri yo konn genyen yon depliyan ak kèk pano ki prezante fason kay la ye ak bon kalite ki genyen ladann.
Yon lòt kote, vizit prive yo enplike kèk achtè potansyèl ki anvizaje seryezman pou yo achte kay ki pou vann nan. Yo planifye ant vandè a ak lòt moun ki pi enterese yo, se pa yon bagay ki tèlman konsène gran foul la, tankou sa toujou konn fèt nan kèk lòt jounen pòt louvri. Joune pòt louvri sa yo se moun ki enterese ki toujou plis frekante yo. Yo petèt te wè pano a avan ki make "Kay pou vann" oubyen yo te wè anons la sou entènèt. Men w dwe atann ou ka gen lòt moun ki vizite w tou, nan joune pòt louvri a si w ta chwazi òganize youn.
Eske jounen pòt louvri yo fonksyone vrèman?
Lè w mande kèk pwofesyonèl nan kesyon imobilye, y ap di w jounen pòt louvri se yon bagay ki pwofitab pou moun ki gen kay pou vann. Poutan, pa gen yon repons dirèk vrèman pou kesyon sa, paske li difisil pou w detèmine lè yon kay fin vann eske se jounen pòt louvri a ki te pèmèt sa fèt pi fasil e pi rapid oubyen non. Efikasite yon jounen pòt louvri depann tou sou ki jan w te fè pwomosyon an ak lòt efò w te deplwaye pou jounen sa te kapab yon reyisit. Tankou, moun ki mete vizibilite sou kay yo anvi vann nan ka pa jwenn menm kantite rezilta ak yon lòt vandè ki te chwazi fè sa. Anplis, yon jounen pòt louvri pa touche akouche yon vant vrèman. Men, sa ka ba w enfòmasyon ak kritik w ap gen bezwen pou w rann kay ou a pi bèl nan zye achtè potansyèl yo.
Avantaj pou w genyen yon jounen pòt louvri.
Atire kèk achtè ki pa gen twòp eksperyans pou yo rive achte yon kay.
Jounen pòt louvri yo se yon bon resous yo ye pou moun k ap achte yon kay premye fwa. Achtè potansyèl sa yo, bezwen kèk konsèy anplis e yon jounen pòt louvri ka ofri yo sa. Nouvo achtè yo ka chwazi fòme yon rezo epi kominike avèk ajan imobilye a oubyen vandè endepan yo pandan evennman inik sa yo.
Yon jounen pòt louvri ap pèmèt plis zye fikse sou kay ou a.
W ap ka touche plis moun, paske gen moun ki ka pa t wè anons ou a sou entènèt la oubyen yo ka pa t menm wè pano ki prezante vant la. Si w swete vann kay ou nan pri w fikse a epi pi rapid, plis ou ekspoze kay la se plis w ap gen chans vann li. Se yon bagay senp li ye.
Pèmèt achtè potansyèl yo jwenn aksè pou yo vizite kay la san w pa fòse yo
Paske jounen pòt louvri fèt pou gran piblik la tou, sila yo ki poko fin pare yo ka toujou vizite kay la san yo p ap santi yo oblije reponn pou yo achte l yon ti tan apre. Men tou, vizit prive yo li se pou moun ki vrèman anvizaje pou yo achte kay la e ki gen yon tan devan yo pou yo reponn ou.
Moun ki enterese ap gen posibilite pou yo konfime atirans yo pou kay la.
Pou fini, sila yo k ap vizite l sou entènèt la yo menm yo gen plis tan pou yo verifye tout ti detay sou kay la. Sa ka rive kote achtè potansyèl yo plase kay ou a nan tèt lis kay yo anvizaje achte yo. Lè yo fin wè kay la menm, yo ka deside kounya pou yo pran yon desizyon ki pi konkrè. Anplis, si lòt kay ki nan lis yo a, pwopriyetè kay sa k yo ta va pa deside òganize jounen pòt louvri, sa ap ba w yon avantaj konkiransyèl. Depi yo ka wè kay ou a ak pwòp zye yo fizikman, men pa sèlman sou entènèt la nan kèk foto, ou gen anpil chans pou se kay ou a yo chwazi.
Enkonvenyan lè w òganize yon jounen pòt louvri.
Tout moun k ap vin asiste jounen pòt louvri w la p ap prepare pou yo achte.
Anpil moun patisipe nan jounen pòt louvri yo jis pou yo ka genyen yon ide sou sa y ap vle demen Dye voulan. Tout moun k ap vizite jounen pòt louvri w yo poko pare pou yo angaje yo. Asireman, gen kèk moun ki ka pa menm enterese achte kay ou a men yo patisipe kanmenm.
Moun ki fouyapòt oubyen moun ki konsidere sa tankou yon divètisman tou senpleman.
Jounen pòt louvri yo jan non an di l la, se yon bagay ki louvri pou piblik la. Sa vle di w ka gen vwazen ki tèlman renmen wè, yo vin wè san se pa paske sa enterese yo vrèman, ou ka wè kay yo ladann nan pou vann sa pa menm enterese yo tou. Anplis, gen moun ki pran plezi yo menm nan vizite kay yo mete pou vann menm si yo pa sou achte vrèman, yo jis twouve yon sous divètisman nan sa.
Sekirite ak pèt posib.
Malerezman, gen kèk moun ki ka asiste yon jounen pòt louvri pou kèk rezon malveyan. Kriminèl yo ka pwofite okazyon sa pou yo vizite kay la, pou yo wè kòman yo ka pase pou yo vin vole lannwit oubyen komèt yon krim.
Vòl la ka fèt tou pandan jounen pòt louvri a tou wi, se sa k fè li enpòtan pou tout bagay ki gen anpil valè yo sere yon kote anba kadna tou.
SOUS: Zillow.com, Rocketproinsight.com, Thebalance.com