Souple tann...

Vwayaj Ekolojik Nan Karayib La.

23 okt

Vwayaj Ekolojik Nan Karayib La. 

Si w konsidere tèt ou tankou yon pasyone pou anviwònman ak yon moun ki damou lanati, anvizaje yon vwayaj ekolojik nan Karayib la, kote forè twopikal liksziryan pwospè yo avèk yon pwoteksyon ki sifizan, mond soumaren yo regòje anpil koulè ak lavi e lanati vèt la se yon priyorite. 

Gen anpil peyi nan mond la k ap goumen pou mete kanpe kèk efò konsèvasyon ak kèk politik vèt adapte avèk rejyon ak kilti yo an. E Karayib la se yon ekselan rejyon pou w eksplore, ki abrite kèk pi bon peyi nan kesyon ekotouris. Soti nan efikasite enèjetik pou ale nan tè ki trè pwoteje, pou rive nan resif koralyen imakile yo, ekotouris yo ap tonbe damou paradi twopikal sa. 

Pousuiv lèkti sa pou w ka familyarize w avèk vwayaj ekolojik yo nan Karayib la epi dekouvri ki zile ki plis rekonèt gras politik vèt li, konsèvasyon anviwonnman l ak kilti li. 

Ki Sa Vwayaj Ekolojik La Ye ? 

Gen nouvèl tandans pou vwayajè yo ki ap monte. Egalman ki rekonèt sou non ekovwayaj, ekotouris, vwayaj dirab ak kèk lòt non, vwayaj ekolojik la kontinye ap vale teren nan popilarite. Gen kèk moun ki ka konsidere sa tankou yon tandans, men n ka jis espere l se prediksyon sou lavni ak vwayaj. 

Jeneralman, vwayaj ekolojik yo enplike nan ede ak prezève kominote lokal la ak efò nan konsèvasyon, tankou nan pratik dirab. 

Ki Sa Prensip Ekotouris La Ye ? 

  • Redui enpak 
  • Sansibilizasyon ak respè anviwònman 
  • Kreye kèk eksperyans pozitif pou vizitè yo, ot yo ak moun nan lokalite a 
  • Founi kèk avantaj finansye pou konsèvasyon ak popilasyon lokal la 
  • Prezante kèk eleman pedagojik pou vizitè yo ak moun nan lokalite a 
  • Veye pou kominote lokal la se yon eleman esansyèl nan desizyon k ap pran konsènan touris... 

3 Pi Bon Kote Nan Karayib La Ou Ka Vwayaje Ekolojikman. 

Prèske tout moun peyi nan mond la kòmanse fè konnen yo pou efò y ap fè nan kesyon ekotouris. Gen kèk nan zòn sa yo oubyen peyi sa yo ki twouve yo nan lanmè Karayib la, kote prezèvasyon kilti presye sa, yon fón ki ra ak ekosystèm kritik vital pou sivi rejyon an ak siksè rès mond la. 

An N Eksplore Twa Pi Bon Kote W Ka Vwayaje Ekolojikman Nan Karayib La. 

1|Dominik. 

Youn nan destinasyon ki pi popilè pou kesyon vwayaj ekolojik nan Karayib la, se zile sovaj ak liksziryan ki rele Dominik la. Gras a presye resous natirèl li yo, tè li yo entak, yon fón ki ra ak kèk lòt mèvèy natirèl ankò ki merite prezève, abitan yo nan Ladominik te fòse tèt yo pou yo plase konsèvasyon ak ekotouris nan premye plan yo sou tout desizyon politik ak devlopman y ap pran, sa ki estimile ekonomi lokal yo a. 

Ekovwayajè yo renmen kayak, randone ak kèk nan pi bon estasyon vèt nan rejyon an. Nan fason kay nan konplèks yo konstui pou konsomasyon elektrisite ak dlo, konplèks ekolojik yo nan Dominik pwòch yon efikasite enèjetik ki 100%. 

2| Bonè. 

Byenke pa gen presye forè twopikal ki bezwen pwoteksyon, Bonè youn pami pi bon kote nan Karayib la pou ekovwayaj. Olye jeng liksziryan, zile a konsantre l sou konsèvasyon dlo anviwonan yo, ki gen ladann tou resif koralyen vibran yo ki toutafè pwoteje depi nan ane 1970 yo. 

Veliplanchis yo, plonjè yo, plonjè nan apne yo avèk amatè nan espò notik yo atire parapò avèk dlo yo nan Bonè. E se pa sèl ekotouris sa w ap ka twouve sou zile a. Bonè deja angaje l pou l pase nan mòd lavi vèt la nenpòt fason sa posib. Tankou, y ap goumen pou yo alimante zile a avèk enèji gras enèji ewolyen ak biyodyezèl. 

3| Senjan, Zile Vyèj Ameriken Yo. 

Senjan se paradi pou moun ki damou lanati ! Kote 60 % nan ti zile sa kouvri avèk pak nasyonal yo, ap toujou genyen anpil bagay pou w eksplore ak dekouvri. Se vrè, genyen tou kèk plaj enkwayab ak kèk abita soumaren pou w admire. 

Si ebèjman ekolojik enterese w, genyen plizyè opsyon nan Senjan. Dekouvri kantite teren pou kan yo ki minimize anpil anpil enpak anviwònmantal yo e ki pwopoze w kèk aktivite respektye nan anviwònman an, tankou natasyon, kayak, ekitasyon ak randone. 

 

SOUS: Charlieontravel.com, Greenvacations.com, Tripsavvy.com  


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.