Kominikasyon ajan-vandè efikas
Kominikasyon ak kliyan ka yonn nan zouti ki pi efikas ou genyen. Rapὸ ke w ap etabli ak vandè kay la ap mete l an konfyans sa k ap fèl fè konfyans a eksperyans ak konsèy ou. E bon nouvèl la se ke w paka egzajere yon kominikasyon ajan-vandè efikas.
Ou dwe pwoaktif, bay lanmen e tounen avoka vandè a. Fè yo konnen ke w genyen tout sa ki nesesè. Ou ka toujou gen enpresyon ke se ou menm k ap kὸmanden men toujou sonje se yon sèvis ke w ap bay kliyan w lan. Me kèk konsèy ke n pote pou fasillite kominikasyon ajan-vandè nan domèn imobilye.
Konsèy pou ajan yo pou yo gen yon kominikasyon ajan-vandè efikas.
Tankou w konnen déjà, kominikasyon se yo devwa. Men mete sou konsèy sa yo nan plan aksyon w ap ede w etabli rapὸ ke w gen bezwen ak kliyan yo pou yo fèw konfyans.
- Depi nan kὸmansman, li langaj kὸporèl la. Fason yo koute, fason yo kanpe ou chita ap baw yon ide de kijan pou abὸde yo. Egzanp,si mari a sere men l epi l kanpe ak konfyans, sa ka rive li konfyan nan desizyon li. Men lè mandanm nan kwaze bra l, oubyen sanble dezangaje, li ka pa vle vann. Genyen plizyè fason pou tounen senaryo sa yo, men lèkti langaj kὸporèl la ap apwoche w pi plis.
- Fètout moun patisipe nan afè a. Si w genyen yon koup ou yon manb nan fanmiy lan ki yon jan diferan, se tou nὸmal. Anpil moun yo fè fas a chanjman yon fason diferan. Asire w ke w adrese w a chak moun sou sa ki preokipe yo. Pa egzanp, moun ki nan premye sitiyasyon an konfyan. Sa ka rive li vle konkli yon akὸ epi pale de chif. Pale ak li ak franchiz. Sepandan, Fanm nan pa sanble li vle avanse. Nan ka sa ou ka mande l kisa l bezwen nan ankὸ a. fè kay la konpliman e pran tan pou egzamine detay ke l ta renmen montre w k ap rakonte istwa kay la a achtè yo. Montre entere pou bezwen kliyan an ape de w a lavni.
- Prepare wavanw prezante. Sa ka parèt difisil lè yon kliyan rive an plen apremidi e vle rankontre w nan inè. Ou konnen ke premye enpresyon an vo anpil. Men rezoud afè a pandan w prepare. Rasanble sa w kapab pou montre l, yon fason pou l wè konpetans ak devouman w. Asire w ke w kite bagay pou yo kontanple. Konsa, y ap sonje pou yo rele w vin siyen akὸ a.
- Swivjiskobou. Asire w ke w kontakte yo yon ti tan apre pou di yo jan w te kontan rankontre yo e kijan w ta renmen travay pou vann kay yo a. E si prezantasyon an se yon travay ijan, kὸmanse voye enfὸmasyon k ap itil nan pwosesis pou pran desizyon an. Enterè pou yo ak kay la fè tout diferans lan.
Epi tou, onètete se pi bon politik la. Asire w pou w pa janm endwi kliyan w la nan erè menm pa aksidan. Koute tout sa li dezire, tout sa l vle epi reponn li klè, nan trankilite epi bal repons ki kout e dirèk.
Etap tipik kominikasyon ajan-vandè
Sipoze ke w gen lis la epi w pare pou koumanse travay, men kèk etap ou dwe swiv pou pou ofwi yon kominikasyon ajan-vandè efikas.
- Nanchak etap, toujou montre jan w rekonesan pakse yo enskri e ke w paka tann pou pale de pwochen etap nan vwayaj fanmiy lan. Bay kowὸdone w e fè yo konnen ki sa kip ra l p[wochen etap la.
- Di yoki kantite efὸ yo pwal gen pou fè pou ranje kay la. Yon lis kontwὸl se yon bon lide, men pale de santiman ke w vle achtè lè y ap antre nan kay la.
- Lèopὸtinite yo koumanse ap vini, diskite sou lide pou yon jounen pὸt louvri e pataje tout enfὸmasyon sou achtè potansyèl la.
- Kontinyekenbe kliyan an o kouran de sa w ap fè e sou nivo enterè pou kay la.
- Lètout bagay sanse fini, reponn a tout kesyon vandè a sou dènye etap yo.
- Eksplikean detay pwosesis enspeksyon an, soti nan vizit rive nan fèmti.
- Aprevant la, di yo kilè yo ka kontakte sèvis piblik a pwopo netwayè, demenajè ak serirye.
Pou fini, w ap fè kliyan an konnen siksè e yon relasyon dirab ajan imobilye-kliyan. Anpil felisitasyon !