Uit fason pou ogmante viziblite pwopwiyete ou yo.
Ogmante viziblite pwopwiyete ou yo ak uit konsèy fasil sa yo
Moun ak ajan k ap vann kay yo toujou vle bay plis viziblite posib a kay ke yo ap vann yon fason pou plis moun kapab wè yo. Ki fason ou ka ogmante viziblite pwopwiyete ou yo? Sa se yon bon kesyon, Kayifi gen repons yo.
Pa gen yon fason ki pi bon pou ka fè yon bon anons, sinon tout moun t ap aprann li epi li tap fè menm bagay la, sa ki t ap fè teknik sa vin pa gen sans. Ou dwe marye ansanm tout pi bon teknik, pèsistans ak kite je w byen louvri ap veye. Epi tou « Wὸm pa te konstwi nan yon sèl jou.»
Fè plis moun wè anons ou yo
Nan Kayifi, nou pote pou wou yuit konsèy pou ede anons imobilye ou yo rive pi wo.
- Konnenmoun k ap koute w yo : se ka pi bon pati nan anons ke w ap kreye yo. Gade si katye kot kay la twouve l la gen lekὸl, ou vle montre ke se yon katye familyal. Si li tou pre yon kolèj ou yon kote moun pran retrèt yo. Ajan imobilye yo dwe degaje yo pou fè achtè potansyèl yo vini.
- Fotografi pwofesyonèl: Premye erè ajan imobilye ki pa gen eksperyans yo fè se pa angaje yon fotograf pwofesyonèl. Li evidan ke lè ou pwan foto kay la ak yon kamera ki pa pwofesyonèl, pa gen kote pou modifye.
- Vizitvideyo: lèw byen fè videyo pou motre pwopwiyete a sa bal yon lὸt vi. Li t ap pi bon si fotograf ou a te itilize dwὸn pou pwan imaj yo.
- Medyasosyo: sa ka parèt idyo, men si w mete pwopwiyete w yo sou tout medya sosyo yo, sa ap ogmante viziblite a. asire w ke ou itilize plizyè tit ak mo kle pou ogmante enterè pou pwopwiyete a.
- Sitimobilye: Zillow, Realtor, Trulia, Homes.com, ak anpil lὸt se gwo sit nan moman sa a. rejwenn yo pou w ka ajoute anons ou sou pi bon sit yo, pou kaamelyore viziblite w ak atire achtè vin sou wou.
- ImèlMaketin: se toujou yon bon lide pou genyen nan achiv tout ansyen kliyan ak kliyan potansyèl.
- Sepouw okomodan: Si w vle vann kay ou, ou dwe rete disponib pou fè vizite kay la a nenpὸt moman nan jounen an, epi chak jou nan semèn nan. Ou pap janm ka konnen orè yon yon achtè potansyèl e poukisa li bezwen vizit sa yon dimanch apre midi oubyen yon vandredi matin byen bonè pandan ke se nan dènye lè li pwan randevou. Si pouw toujou di wi, toutan ou kapab. Epi fè yon jounen pὸt louvri ap fè vizitè yo kontan pou gade pwopwiye a nan yon kad amizan.
Pou fini, konsèy nimewo yuit la se kote teknik anons ou an. Chèche plis bagay sou entènèt pou ka byen enplemante bagay sa yo ki anba a.
- Amelyoreanons ou yo ak ti detay anplis sou enfὸmasyon enskripsyon MLS. Bay achtè yo yon bagay anplis ke yo pap twouve sou MLS, ki se yon rezon pou yo renmen pwopwiyete sa.
- Blὸgsou anons ou a. Plis viziblite vle di plis viziblite.se byen senp. Degaje w jwenn enfὸmasyon nan tout fason ou kapab.
- Asirew ke anons sou sit entènèt yo gen vèsyon pou byen afiche sou telefὸn. pa gen anyen ki pi fwistran pase yon sit kote enfὸmasyon yo ap koupe paske li te fèt sèlman pou ὸdinatè biwo.
- Konsiredepiblisite enpὸtan anpil. Anons yo PPC yo fè anpil mèvèy nan mete anons ou yo o somè.
Gen anpil fason ou ka amelyore maketin ou pou bay bon vizaj a pwopwiyete ou deva je moun yo sou entènèt la. An plis de sa, si yo te la twὸ lontan ajan imobilye yo ka mete yon nὸt kote yo chanje pri yo epi ofri ti kado a tout moun k ap vin vizite.
Ogmante viziblite anons pwopwiyete ou yo nan karayib la ak pèsistans, pètinans, pibliye yo jodia menm sou Kayifi.